Al gade sa k anndan l

17 OUT 2020
MEKSIK

Siklòn Ana frape Meksik

Siklòn Ana frape Meksik

Zòn li frape

Eta Tamolipas ak Nwevo Leyonn, Meksik.

Katastwòf

  • Siklòn Ana, ki te vin tonbe nan stad yon depresyon twopikal, te frape nòdès peyi Meksik nan dat 26 jiyè 2020, sa ki te lakòz inondasyon anpil kote.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Nan Nwevo Leyonn, gen 14 fanmi ki te oblije kite kay yo anvan siklòn nan.

  • Nan vil Reynosa, nan eta Tamolipas, gen 100 pwoklamatè ki te oblije kite kay yo.

Dega

  • 21 kay kraze nan Nwevo Leyonn.

  • 117 kay kraze nan Tamolipas.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Filyal Amerik santral la te fòme yon komite sekou.

  • Siveyan sikonskripsyon yo ap travay ak ansyen ki nan zòn ki afekte yo pou yo òganize travay netwaye ak dezenfekte kay inondasyon an te frape yo.

  • Nan Nwevo Leyonn, pifò nan frè ak sè nou yo gentan kapab retounen nan kay yo.

  • Nan Tamolipas, kongregasyon yo nan zòn nan ap ede frè ak sè ki viktim yo jwenn manje ak rad.

Nou di Jewova mèsi paske okenn nan frè ak sè nou yo pa t blese nan katastwòf la. Èd frè ak sè yo gentan jwenn nan moman sa a montre nou vrèman ka jwenn èd Papa nou ki nan syèl la ansanm ak pèp li a “byen fasil nan moman difisil yo”. — Sòm 46:1.