Al gade sa k anndan l

22 FEVRIYE 2023
NIJERYA

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang pidjin (Afrik delwès) ak lang ouhobo

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang pidjin (Afrik delwès) ak lang ouhobo

Jou ki te 12 fevriye 2023 a, frè Jeffrey Winder, yon manm Kolèj santral la, te anonse Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang pidjin (Afrik delwès) ak ouhobo. Te gen 559 326 moun nan peyi Nijerya ki te gade pwogram nan yo te mete sou Entènèt pou kongregasyon yo. Kou yo te fin bay anons lan, vèsyon elektwonik Bib la te disponib pou yo telechaje. Vèsyon enprime a ap disponib pi devan nan ane 2023 a.

Premye kongregasyon ki pale lang pidjin (Afrik delwès) la te fèt an 2015. Kounye a, gen plis pase 1 100 kongregasyon nan peyi Nijerya e gen anpil kongregasyon lang pidjin (Afrik delwès) nan lòt peyi tankou Angletè ak Etazini. Anvan sa, se sèlman Labib — Tradiksyon monn nouvo a ann anglè kongregasyon yo te genyen. Men sa yon frè di: “Anvan sa, nou konn santi n jennen pou n ap preche nan lang pidjin epi pou n li Bib la ann anglè. Pafwa, moun nou rankontre yo konn pa rive konprann sa nou li a. Kounye a, nou pral preche nan lang pidjin e n ap li Bib la nan lang pidjin. Kòm nou pral li Bib la nan lang manman moun nou rankontre yo, mesaj nou an ap pi klè pou yo.”

Vivez dans l’espérance d’un monde nouveau et juste, premye bwochi yo te tradui nan lang ouhobo.

Premye kongregasyon lang ouhobo te fèt an 1933. An 1968, premye bwochi frè nou yo te tradui nan lang ouhobo te gen tit Vivez dans l’espérance d’un monde nouveau et juste. Depi lè sa a, kantite kongregasyon lang ouhobo kontinye ogmante pou rive 103. Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo ki parèt nan lang ouhobo pral ede kongregasyon sa yo anpil paske se yon tradiksyon ki natirèl e ki fasil pou moun konprann.

N ap priye pou tradiksyon sa yo ede plis moun toujou pou yo “ranpli [..] ak konesans egzak” sou Bondye. — Kolosyen 1:9.