Al gade sa k anndan l

Jèn nan Timò oryantal k ap pale ak paran yo sou eksperyans ki parèt sou sit jw.org la, nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo.

22 JANVYE 2021
TIMÒ ORYANTAL

Atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo bay jèn frè ak sè nan Timò oryantal yo fòs pou yo fè fas ak opozisyon

Atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo bay jèn frè ak sè nan Timò oryantal yo fòs pou yo fè fas ak opozisyon

Gen anpil moun lè y ap li atik ki parèt nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo ki pale sou jan frè ak sè nou yo nan peyi Larisi ret fidèl anba pèsekisyon, sa ba yo fòs. Nan peyi Timò oryantal, se sèlman twa nan atik sa yo yo tradui nan lang tetoun dili. Youn nan atik sa yo pale de eksperyans frè Andrey Suvorkov. Kèk jou sèlman apre atik sa a te parèt nan lang tetoun dili, gen senk jèn frè ak sè batize ki te jwenn yon gwo eprèv. Yo esplike kòman egzanp frè Andrey Suvorkov te fè lafwa yo vin pi djanm lè yo te medite sou egzanp li.

Yo te mande jèn sa yo pou yo salye drapo pandan yon seremoni lekòl yo t ap fè. Lefètke yo te refize salye drapo a, yo te mennen yo nan direksyon an. Direktè a te poze yo kesyon devan pwofesè yo. Jèn sa yo te met kouraj sou yo pou yo sèvi ak Bib la pou yo montre rezon ki fè yo pa salye drapo, men yo te fè sa avèk anpil respè.

Pwofesè yo te rele lapolis. Polisye yo te mennen jèn Temwen sa yo nan komisarya san yo pa t menm fè paran yo konnen. Lapolis te rele baz militè ki toupre a pou l mande pou yo voye yon sòlda vin pale ak Temwen yo arete yo. Polisye yo ak sòlda a te eseye fè jèn yo pè lè yo mete yo nan prizon pandan anviwon inèdtan edmi. Gen youn nan polisye yo ki te menm mete yon zam sou tab la devan jèn yo e li t ap poze yo kesyon pandan plis pase dezèdtan. Finalman, yo te kite jèn Temwen yo al lakay yo.

Sè Ruth Ximenes (adwat) ak manman l, Anita (agoch).

Lè paran yo vin konnen sa k te pase a, yo pale ak pwofesè yo e ak lapolis. Men, opozisyon an pa t kanpe. Se sa k fè, paran yo te pote otorite nan gouvènman yo plent tou. Rive yon lè, jèn yo te oblije al nan lòt lekòl.

Jèn sa yo te kontan anpil paske eksperyans frè Andrey Suvorkov la te fre nan lespri yo pandan yo t ap jwenn opozisyon nan men kamarad lekòl yo, pwofesè yo ak otorite yo.

Noviana Jose do Carmo di: “Pwofesè nou yo te pèsekite nou e yo te mete nou deyò nan lekòl la. Men, eksperyans frè Suvorkov la te pouse m rete kalm epi gen kè kontan.” Epitou, Cejiana, gran sè Noviana a, di: “Eksperyans frè Suvorkov la te ede m rete kalm fas ak eprèv yo.” Ruth Ximenes di eksperyans frè a te ede l pou l “rete fidèl”.

Sè Ananda Maria Delavega (adwat) ak manman l, Juliana (agoch).

Ananda Maria Delavega esplike ‘egzanp frè Andrey Suvorkov bay kòm moun ki met konfyans li nan Jewova te pouse l priye Jewova’, sitou devan opozisyon.

Roni da Cruz di: “Lefètke m konnen Jewova ede tout frè ak sè nou yo toupatou sou tè a, sa te ban m konviksyon Jewova te avèk mwen e mwen pa t gen okenn rezon pou m pè.”

Paran jèn sa yo te di jan yo rekonesan tou pou eksperyans ki parèt sou sit jw.org la, nan seksyon Nouvèl konsènan Temwen Jewova yo.

Sè Anita Ximenes, manman Ruth, leve toule twa pitit fi l yo poukont li. Nou ka konprann rezon ki fè Anita ka panike e pè lè l tande vwazen yo di: “Nou dwe atake bann trèt sa yo!” Men, Anita di: “Lefètke m konnen frè ak sè nou yo nan peyi Larisi toujou rete kalm e yo pa pèdi jwa yo lè yo parèt devan tribinal, sa ban m kouraj. Mwen konn itilize eksperyans frè ak sè nan peyi Larisi yo pou m anseye pitit fi m yo. Nou konnen Jewova se Papa nou, li toujou avèk nou.”

Soti agoch al adwat: Roni da Cruz, Cejiana Jose do Carmo, Noviana Jose do Carmo, Ananda Maria Delavega, ak Ruth Ximenes nan kongrè 2019 la kèk semèn apre yo te fin mennen yo nan komisarya paske yo pa t salye drapo.

Menm jan ak jèn frè ak sè sa yo ak paran yo nan Timò oryantal, nou jwenn fòs lè nou medite sou jan frè ak sè nou yo met kouraj sou yo pou yo “pot yon viktwa total” lè y ap fè fas ak pèsekisyon. — Women 8:37.