Al gade sa k anndan l

Frè Taurai Mazarura ki kenbe yon tablèt nan men l pou l montre liv Matye a nan lang siy zimbabweyen.

26 JANVYE 2021
ZIMBABWE

Temwen Jewova yo pibliye Liv Matye a nan lang siy zimbabweyen

Temwen Jewova yo pibliye Liv Matye a nan lang siy zimbabweyen

Nan dat ki te 24 janvye 2021 an, frè Taurai Mazarura, yon manm komite Filyal peyi Zimbabwe, te anonse Labib — Bon nouvèl la selon Matye parèt nan lang siy zimbabweyen (LSZ). Li te fè anons sa a nan yon pwogram ki te anrejistre alavans.

Tout 401 pwoklamatè k ap sèvi nan kongregasyon lang siy zimbabweyen yo te kontan tande nouvèl sa a. Y ap tann pou yo sèvi ak liv Matye a ni lè y ap fè etid pèsonèl ni lè yo nan travay predikasyon an.

Ekip tradiksyon lang siy zimbabweyen an pandan y ap anrejistre.

Pandemi an te fè travay la difisil pou ekip tradiksyon LSZ la. Byen souvan, tradiktè yo konn pase vizite moun nan kominote a ki itilize lang siy zimbabweyen chak jou nan lavi yo pou yo ka asire yo yo sèvi ak siy pifò moun abitye avèk yo nan tradiksyon y ap fè a. Men, akoz pandemi COVID-19 la, li te enposib pou nou vizite moun ki soud ki nan peyi a. Pou tradiktè yo te fè fas ak pwoblèm sa a, yo te pale ak moun ki soud yo regilyèman pa mwayen videyokonferans. Sa te ede yo fè yon tradiksyon ki fasil pou moun soud nan peyi Zimbabwe konprann, kèlkeswa kote yo soti.

Men sa Frè John Hunguka, yon manm komite Filyal peyi Zimbabwe, di: “Liv Matye a ki parèt nan lang siy zimbabweyen se premye pa nan travay Temwen Jewova yo ap fè pou yo tradui tout Bib la nan lang siy zimbabweyen. Sa ap pran anviwon dizan pou l fini.”

Pwojè sa a montre Jewova renmen tout kalite moun. Nou kontan wè jan Jewova beni nou, pandan n ap kontinye fè efò pou n preche “bon nouvèl k ap dire pou toutan” an bay “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. — Revelasyon 14:6.