Al gade sa k anndan l

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?

Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?

 Selon yon ankèt, 97 pousan jèn te fè konnen yo sèvi ak rezo sosyal. Èske pitit ou ta renmen sèvi ak rezo sosyal yo tou? Si se wi, men kèk bagay ou ka reflechi sou yo.

Nan atik sa a

 Fason pitit ou sèvi ak tan l

 Selon yon sit Entènèt: “Yo fè rezo sosyal yo yon fason pou yo kapte atansyon w, pou yo fè w rete sou Entènèt e pou w toujou ap verifye si pa gen nouvo bagay ki tonbe.” — HelpGuide.

 “M konn vle gade sa moun poste sou rezo sosyal pou kèk minit sèlman, men, souvan se gade m gade m wè, plizyè èdtan pase sou mwen. Sa ka difisil pou w depoze telefòn nan e pou w chèche yon lòt bagay ki pi enpòtan pou w fè.” — Lynne, 20 an.

 Mande tèt ou: Èske pitit mwen ap gen ase metriz pou l respekte kantite tan mwen di li ka fè sou rezo sosyal? Èske pitit mwen ap gen ase matirite pou li menm li bay tèt li yon seri limit e pou l respekte yo?

 Prensip Bib la bay: “Byen veye sou fason n ap mache a [...] pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:15, 16.

Lè w kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal yo san w pa ba l bonjan règ sou fason pou l fè sa, se kòmsi w kite l monte yon cheval san l pa t janm aprann fè sa.

 Fason pitit ou wè kesyon fè zanmi an

 Ekspresyon “rezo sosyal” la ka fè konprann moun k ap sèvi avèk yo gen zanmi oubyen yo an kontak ak moun yo konnen. Men, byen souvan, amitye sa yo se pa amitye toutbon.

 “Mwen remake gen anpil jèn ki panse plis yo gen ‘like’ oubyen ‘j’aime’ oswa plis yo gen moun k ap suiv yo sa vle di gen anpil moun ki renmen yo, menm lè yo pa konn moun sa yo toutbon.” — Patricia, 17 an.

 Mande tèt ou: Èske pitit mwen an gen ase matirite pou l rann li kont sa pa enpòtan pou l gen yon pakèt moun k ap suiv li sou Entènèt? Èske l gen kapasite pou l fè zanmi toutbon?

 Prensip Bib la bay: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

 Fason pitit ou santi l

 Moun k ap fè rechèch yo remake lè moun sèvi ak rezo sosyal twòp, byen souvan yo santi yo poukont yo, yo santi yo gen anpil enkyetid e yo konn menm fè depresyon.

 “Ou pap janm santi w kontan lè w ap gade foto ki montre sa zanmi w ap fè ak lòt zanmi san ou menm ou pa la.” — Serena, 19 an.

 Mande tèt ou: Èske pitit mwen an ap gen ase matirite pou l pa vin twò konsantre sou tèt li, pou l pa antre nan konpetisyon oubyen pou l pa kite sa l wè lòt moun ap fè sou rezo sosyal yo aji sou li?

 Prensip Bib la bay: “Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” — Galat 5:26.

 Fason pitit ou aji pandan l sou Entènèt

 Rezo sosyal yo ka fè pitit ou fè fas ak brimad sou Entènèt, sèksting oubyen li kapab lakòz pitit ou gade pònografi. Menmsi pitit ou a pa rive fè bagay sa yo, li kapab oblije fè fas avèk yo kanmenm.

 “Mwen remake, bagay ki sou rezo sosyal yo ka parèt bon, men byen fasil yo kapab vire e yo vin pa bon. Yo di anpil vye pawòl e gen anpil mizik ki pa kòrèk sou rezo sosyal yo.” — Linda, 23 an.

 Mande tèt ou: Èske pitit mwen ap gen ase matirite pou l byen sèvi ak Entènèt? Èske pitit mwen an ap gen ase kouraj pou l vire do bay bagay ki pa kòrèk?

 Prensip Bib la bay: “Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou [...]. Se menm bagay la pou konduit ki fè moun wont, pawòl ki san valè, blag betiz.” — Efezyen 5:3, 4.

 Èske rezo sosyal yo nesesè?

 Yon moun pa bezwen rezo sosyal yo pou l viv, ni pou l gen kè kontan. Gen anpil jèn k ap viv ak kè kontan san yo pa sèvi ak rezo sosyal yo. Pami jèn sa yo, genyen ki te konn sèvi ak rezo sosyal yo anvan, men ki deside sispann sèvi avèk yo.

 “Lè m te wè jan rezo sosyal yo te gen move efè sou sè m nan, mwen te deside sispann sèvi avèk yo. Depi lè sa a, mwen gen plis kè kontan, e m pi byen pwofite lavi a.” — Nathan, 17 an.

 Sa nou dwe sonje: Anvan w kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal yo, asire w li gen ase matirite pou l respekte kantite tan w fikse pou l sèvi ak rezo sosyal yo, pou l fè bonjan zanmi, e pou l evite bagay ki pa kòrèk.

 Prensip Bib la bay: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.