Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si paran m pa vle m sèvi ak rezo sosyal?

Ki sa pou m fè si paran m pa vle m sèvi ak rezo sosyal?

 Sanble tout zanmi w yo sou rezo sosyal e se sou sa y ap pale toutan. Petèt yo pase w anba rizib paske ou pa sou rezo sosyal. Ki sa w bezwen konnen sou rezo sosyal? E ki sa w dwe fè?

Sa w bezwen konnen

 Se pa ou menm sèl ki pa sou rezo sosyal. Anpil paran pa kite timoun yo al sou rezo sosyal. Rezon ki ka fè paran yo fè sa, ka gen rapò ak youn nan pwen sa yo:

  •   Yo ka vin deprime e sa ka bay yo lòt pwoblèm mantal.

  •   Yo ka al tonbe sou pònografi, sou mesaj ki gen rapò ak sèks, ak sou mesaj ki pou entimide yo.

  •   Zanmi konn fè eskandal antre yo.

 Anpil jèn chwazi retire tèt yo sou rezo sosyal. Yo te vin reyalize poukont yo rezo sosyal fè yo plis mal pase byen. Ann site kèk egzanp ki te pase toutbon:

  •   Priscilla te rann li kont rezo sosyal fè l pèdi anpil tan. Li te ka itilize tan sa a nan yon lòt aktivite ki ta pi bon pou li.

  •   Jeremy te wè gen bagay ki pa bon ki t ap plede monte sou paj li, li pa t renmen sa.

  •   Bethany te twouve rezo sosyal te fè l ap pase twòp tan ap kontwole sa lòt moun ap regle.

 “Mwen te pran desizyon pou m efase aplikasyon rezo sosyal mwen an, e m pa regrèt sa. Okontrè, mwen byen kontan jwenn plis tan kounye a pou m konsantre sou bagay ki pi enpòtan pou mwen.” — Sierra.

 “Sa m pa t renmen ak rezo sosyal sèke mwen pa t santi m byen si m pa al sou li. Mwen te konn bay tèt mwen pwoblèm sou jan moun ki te konn vizite paj mwen yo ap reyaji. Li pa t fasil pou m te efase kont rezo sosyal mwen. Men kou m te rive fè sa a, mwen te santi m anpè.” — Kate.

Sa w ka fè

 Obeyi paran w. Montre yo ou se yon gran timoun, fè sa yo mande w la san w pa ni fache, ni plenyen.

 Prensip biblik: “Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.” — Pwovèb 29:11, Bib la

 Gen moun ki ka ankouraje w sèvi avèk rezo sosyal oubyen, ouvri yon kont san paran w pa konnen. Si w fè sa, se ap yon gwo erè! Sa ap fè lespri w pa anpè. E si paran w bare w, yo ka pini w e yo ka pa fè konfyans ankò.

 Prensip biblik: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

 Pran pwòp desizyon w. Menm jan ak jèn nou sot mansyone pi wo yo, ou menm tou, ou ka reflechi sou anpil rezon ki fè w pa ta dwe al sou rezo sosyal. Si w rann ou kont l ap pi bon pou w pa itilize rezo sosyal, pa itilize l. Ou pap fè sa paske se paran w ki pran desizyon an pou ou, men w ap fè sa paske w ap wè sa ki pi bon pou ou. E si kamarad ou poze w kesyon sou sa, ou pap jennen, e y ap gen mwens anvi pou yo pase w nan rizib.

 Sa w dwe sonje: Obeyi paran w. Chèche wè ki jan w ka antann ou avèk yo, yon fason pou desizyon yo pran an se desizyon pa w tou li ye. Omwen pou kounye a, ou ka viv san rezo sosyal.