Al gade sa k anndan l

Ki aparans Dyab la genyen?

Ki aparans Dyab la genyen?

Repons Bib la bay

 Dyab la envizib, sa vle di li pa gen yon kò nou ka wè. — Efezyen 6:11, 12.

 Anpil moun ki fè desen Dyab la fè l sanble ak yon bèt ki tankou yon kabrit ki gen de kòn, yon ke ak yon zouti ki sanble ak yon gwo fouch nan men l. Gen moun ki di sa gen plis pase mil an depi atis yo te kòmanse fè desen Dyab la konsa. Sanble se istwa moun nan epòk la te konn rakonte ki te infliyanse atis sa yo.

 Ki jan Bib la dekri Dyab la?

 Bib la dekri Dyab la plizyè fason. Se pa pou ede n konprann aparans fizik Dyab la men pou ede n konprann pèsonalite l. Pa egzanp, Bib la konpare l ak:

  •   Yon zanj limyè. Li pretann li gen yon bon bagay pou l ofri moun yo nan objektif pou l fè yo suiv ansèyman l yo olye pou yo suiv ansèyman Bondye yo. — 2 Korentyen 11:14.

  •   Yon lyon k ap gwonde. Li atake sèvitè Bondye yo avèk raj. — 1 Pyè 5:8.

  •   Yon gwo dragon. Li fè moun pè, li pisan e li fè anpil dega. — Revelasyon 12:9.