Al gade sa k anndan l

Transfizyon san: Sa doktè yo di kounye a

Transfizyon san: Sa doktè yo di kounye a

Pandan plizyè dizèn ane, moun te kritike Temwen Jewova yo paske yo pa t aksepte pran san. Doktè yo ki vle aji nan enterè pasyan yo konn pa dakò ak desizyon sa a yo pran ki baze sou lòd Bib la bay pou moun ‘evite san an’. — Travay 15:29.

Men, de jou an jou, gen plis moun nan domèn medikal la ki gen eksperyans ki bay yon seri rezon medikal pou yo sèvi ak lòt metòd olye yo bay moun san.

Nan prentan 2013, nan yon jounal (Stanford Medicine Magazine) Lekòl medsin inivèsite Stanford pibliye, te gen yon rapò espesyal sou san, e gen yon pati ladan l ki te gen tit: “Aji kont sa tout moun ap fè: Ki rezon moun genyen pou yo pa pran san?” Sarah C. P. Williams ki te ekri atik la di: “Pandan plis pase dis ane ki sot pase yo, kontinye gen plis rechèch ki montre, nan lemonnantye, ni nan sal operasyon ni nan chanm yo, kantite san yo bay pasyan yo ak kantite fwa yo bay san yo pi plis pase sa pasyan yo bezwen.”

Ekriven an te site sa Patricia Ford, yon doktè ki te fonde Sant medsin ak chiriji ki pa sèvi ak san nan lopital Pennsilvani e k ap dirije sant sa a, te di. Doktè Ford di: “Gen yon ide ki anrasinen nan lespri doktè yo, yo kwè gen yon kantite san yon moun dwe gen nan kò l pou l pa mouri, yo kwè se sèl san ki ka sove lavi [...]. Se yon verite pou kèk sitiyasyon byen presi *, men pou pifò pasyan nan pifò sitiyasyon, se pa laverite.”

Epitou, doktè Ford, ki trete anviwon 700 Temwen Jewova chak ane, di: “Anpil doktè mwen pale avèk yo [...] panse gen anpil pasyan ki pap viv si yo pa jwenn san, e sa a se yon panse ki pa verite. [...] Menm mwen menm mwen te panse sa yon lè tou. Men, mwen te aprann byen vit ou kapab pran swen pasyan sa yo lè w annik suiv kèk metòd ki byen senp.”

Nan mwa out 2012, gen yon jounal (Archives of Internal Medicine) ki te pibliye rezilta yon etid yo te fè nan yon lopital pandan 28 an sou pasyan ki te fè operasyon nan kè. Temwen Jewova yo te geri pi vit pase pasyan ki te gen menm pwoblèm avè yo, men ki te pran san. Temwen Jewova yo te gen mwens konplikasyon, te gen mwens ladan yo ki te mouri tousuit apre operasyon an, e te gen plis ladan yo ki te viv 20 an apre operasyon an pase pasyan ki te pran san yo.

Men sa yon atik yo te pibliye 8 avril 2013 nan yon jounal (The Wall Street Journal) fè konnen: “Sa fè anpil ane depi y ap fè yon seri pasyan, ki pa aksepte san akoz kwayans relijye yo, operasyon san yo pa ba yo san. Kounye a, gen plis lopital ki dakò ak pratik sa a [...]. Chirijyen k ap soutni kesyon fè operasyon san yo pa bay san fè konnen teknik pou fè operasyon san yo bay san an bon nonsèlman paske gen mwens depans ki fèt nan achte san, nan stoke l, travay sou li, teste l epi bay moun li, men tou sa pèmèt gen mwens risk pou moun fè enfeksyon akoz san yo te pran oswa pou vin gen konplikasyon, sa ki konn fè pasyan yo rete pi lontan nan lopital.”

Nou pa sezi lè Robert Lorenz, k ap dirije seksyon san nan yon lopital nan Klivlann, fè konnen: “Lè w bay pasyan an san, nan moman an, ou santi w ap ede l [...]. Men, apre yon bon ti tan ou vin wè se lekontrè.”

^ § 5 Pou w konnen ki jan Temwen Jewova yo konsidere kesyon san an, gade atik: “Kesyon moun poze souvan: Poukisa Temwen Jewova yo pa aksepte pran san?