Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Jan 1:1 — “Okòmansman, Pawòl la te egziste”

Jan 1:1 — “Okòmansman, Pawòl la te egziste”

 “Okòmansman, Pawòl la te egziste, Pawòl la te ansanm ak Bondye, e Pawòl la te yon dye.” — Jan 1:1, Tradiksyon monn nouvo a.

 “O kòmansman, Pawòl la te la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye.” — Jan 1:1, Bib Kreyòl La.

Sa Jan 1:1 vle di

 Vèsè sa a bay kèk detay sou lavi Jezi Kris anvan l te vin sou tè a antanke moun (Jan 1:14-17). Nan vèsè 14 la, yo sèvi avèk tit “Pawòl la” ​(oswa “Logos,” ki se ho loʹgos nan lang grèk). Sanble tit “Pawòl la” dekri wòl Jezi jwe nan fè lòt moun konnen kòmandman ak enstriksyon Bondye yo. Jezi te kontinye fè moun konnen mesaj Bondye a pandan l t ap preche sou tè a e menm apre l te retounen nan syèl la. — Jan 7:16; Revelasyon 1:1.

 Ekspresyon “okòmansman” an gen rapò ak lè Bondye te kòmanse travay kreyasyon an oswa lè l te kreye Pawòl la. Apre sa, Bondye te travay ansanm ak Pawòl la pou yo kreye tout lòt bagay (Jan 1:2, 3). Bib la fè konnen se Jezi “ki fèt an premye nan tout kreyasyon an” epitou, “se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay”. — Kolosyen 1:15, 16.

 Ekspresyon “Pawòl la te yon dye” dekri pisans Jezi te genyen anvan l te vin sou tè a ak lòt kalite li genyen ki sanble ak kalite Bondye genyen yo. Yo ka dekri l konsa paske li jwe wòl pòtpawòl Bondye, li se premye Pitit Gason Bondye e se avè l Bondye te travay pou l kreye tout lòt bagay.

Kontèks Jan 1:1

 Liv Jan an rakonte istwa lavi Jezi lè l te sou tè a ak travay predikasyon l lan. Premye vèsè yo nan premye chapit la dekri lavi Jezi anvan l te fèt nan lachè, relasyon espesyal li gen ak Bondye ak wòl enpòtan li jwe nan relasyon Bondye genyen ak lèzòm (Jan 1:1-18). Detay sa yo ede n konprann sa Jezi te di lè l te sou tè a ak sa l te fè pandan ministè l la. — Jan 3:16; 6:38; 12:49, 50; 14:28; 17:5.

Fason kèk moun konprann Jan 1:1

 Sa moun yo panse: Yo dwe tradui dènye fraz ki nan Jan 1:1 an: “Pawòl la te Bondye.”

 Sa ki verite: Menm lè gen anpil tradiktè ki tradui vèsè sa a konsa, gen lòt ki panse yo dwe tradui l yon lòt fason. Nan lang orijinal yo te ekri Jan 1:1 an, gen de kote yo itilize mo grèk the·osʹ la (“Dye” oswa “Bondye”), men gramè a pa menm. Premye kote yo itilize mo “Dye” a gen yon atik defini devan l, alòske dezyèm kote a, pa gen yon atik defini devan l. Anpil biblis konprann diferans sa a se yon detay ki enpòtan. Pa egzanp, men sa The Translator’s New Testament fè konnen: “Lefètke ekriven an pa t mete yon atik defini devan mo Teyòs la (an kreyòl, Bondye), sa tou fè l pase pou yon adjektif. Konsa, fraz la vle di: ‘Pawòl la gen menm kalite ak Bondye.’” a Gen lòt biblis ak lòt tradiksyon Labib ki fè menm diferans sa a tou.

 Sa moun yo panse: Vèsè sa a anseye Pawòl la ak Bondye Toupisan an se menm moun nan.

 Sa ki verite: Lefètke vèsè a di “Pawòl la te ansanm ak Bondye”, sa montre l ap pale de de moun diferan. Li pa posib pou Pawòl la “ansanm ak Bondye” e pou Pawòl la Bondye Toupisan an anmenmtan. Epitou, kontèks la montre aklè se pa Pawòl la ki Bondye Toupisan an. Jan 1:18 di: “Okenn moun pa janm wè Bondye.” Tandiske, moun te wè Pawòl la, ki se Jezi, paske Jan 1:14 di: “Pawòl la te vin fèt nan lachè e li te abite pami nou. Nou te wè glwa li.”

 Sa moun yo panse: Pawòl la te toujou egziste.

 Sa ki verite: Lè vèsè a di “okòmansman”, sa pa vle di kòmansman Bondye, paske Bondye pa gen kòmansman. Jewova b Dye se sila a ki la “depi toutan e pou toutan”. (Sòm 90:1, 2.) Alòske, Pawòl la, Jezi Kris, te gen yon kòmansman. Se li menm ki “kòmansman kreyasyon Bondye a.” — Revelasyon 3:14.

 Sa moun yo panse: Si n di Pawòl la se “yon dye”, sa vle di n ap anseye pou moun adore plizyè dye.

 Sa ki verite: Mo grèk the·osʹ lè yo tradui l yo met “Bondye” oswa “dye” pou li a koresponn ak mo ebre ʼel oswa ʼelo·himʹ yo itilize nan Liv ki te ekri ann ebre yo, sa yo rele Ansyen Testaman an. Mo ebre sa yo ka vle di “Yon moun ki gen pisans” oswa “Yon moun ki gen fòs”. Yo konn sèvi ak mo sa yo pou yo fè referans ak Bondye ki gen tout pisans lan, lòt dye yo e menm moun sou tè a (Sòm 82:6; Jan 10:34). Piske Bondye te sèvi ak Pawòl la pou l kreye tout lòt bagay, sandout nou ka di Pawòl la gen pisans (Jan 1:3). Lè yo dekri Pawòl la kòm “yon dye”, sa ann amoni ak pwofesi ki nan Ezayi 9:6 la, ki fè konnen yo t ap rele moun Bondye chwazi a, Mesi a oswa Kris la, “Dye pisan” ​(ann ebre, ʼEl Gib·bohrʹ). Men, yo pa rele l “Bondye Toupisan an” ​(ann ebre, ʼEl Shad·daiʹ, jan nou wè sa nan Jenèz 17:1; 35:11; Egzòd 6:3; Ezekyèl 10:5).

 Bib la pa anseye kwayans pou n adore plizyè dye a. Men sa Jezi Kris te di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” ​(Matye 4:10). Men sa Bib la di: “Paske, menmsi gen sa yo rele dye, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, e se vre gen anpil ‘dye’ ak anpil ‘seyè’, an reyalite, pou nou menm, gen yon sèl Bondye, se Papa a. Se nan li tout bagay soti, e se pou li nou ye. E gen yon sèl Seyè, se Jezi Kris. Se ak li Bondye te sèvi pou l fè tout bagay, e se grasa li nou egziste.” — 1 Korentyen 8:5, 6.

a The Translator’s New Testament, paj 451.

b Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.