Al gade sa k anndan l

Yon prizonye apre lòt te chanje lavi yo

Yon prizonye apre lòt te chanje lavi yo

Nan peyi Espay, Temwen Jewova konn vizite 68 prizon, epi gen 600 prizonye ladan yo k ap etidye Labib.

Youn nan Temwen yo ki konn fè vizit yo rele Miguel, li te pase 12 an nan prizon anvan l te vin Temwen Jewova. Kounye a, li retounen al nan prizon chak semèn. Poukisa li fè sa? Pou l kapab ede lòt moun resevwa menm èd li te jwenn nan pou yo chanje lavi yo.

Pandan uit ane ki pase yo, Miguel te etidye Labib avèk anpil prizonye. Men sa l di: “Mwen santi m byen lefètke m ap ede lòt moun ki nan menm prizon kote m te ye a. Se pa ti kontan mwen santi m kontan lè m wè anvi moun sa yo genyen pou yo sispann fè krim!”

Lè Miguel te gen katran, yon chofè ki te sou te frape papa l, epi papa l te mouri. Manman l te vin yon vèv e li te oblije travay anpil èdtan pou l pran swen fanmi l.

Miguel ak pi gran frè l la te kòmanse rate jou lekòl epi yo te konn kase ni kay moun ni machin yo. Lè Miguel te gen 12 an, li te yon ti volè. Lè l te gen 15 an, li te fè anpil kòb paske li te nan trafik dwòg. Epoutan, jan l te pran kokayin ak ewoyin te fè l depanse anpil kòb, e sa te pouse l vòlè plis toujou. Depi lè l te gen 16 an, li te toujou ap antre soti nan prizon, avèk letan, li te vin yon gwo kriminèl. Men sa Miguel di: “Mwen te sèten mwen t ap mouri nan prizon oswa mwen t ap mouri paske m te pran yon kantite dwòg ki depase limit. Mwen te santi m te yon mouch ki pran nan yon fil arenyen.”

Nan ane 1994, pandan Miguel te nan prizon an, youn nan zanmi Miguel yo te mande yon Temwen Jewova pou l ekri yon lèt voye pou Miguel. Nan lèt sa a, Miguel te aprann objektif Bondye genyen pou l fè tè a vin yon paradi. Moun ki te ekri lèt la te ankouraje Miguel pou l fè chanjman nan lavi l pou l te kapab jwi akonplisman pwòmes sa a. Miguel di: “Pawòl li yo te touche kè m. Jou sa a, tout bagay te chanje pou mwen, epi mwen te pran desizyon pou m etidye Labib malgre mwen te konnen li pa t ap fasil ditou.”

Miguel te konnen sa paske li te renmen pran dwòg e li te renmen fimen sigarèt. Toule de te toujou fasil pou l jwenn yo. Moun ki te nan menm ti kacho avè l te konn ofri l dwòg chak jou. Miguel te priye toutan pou l te ka gen fòs pou l venk gwo anvi l te genyen pou l pran dwòg, epi finalman, li te reyisi.

Twa mwa apre, Miguel te kòmanse pataje kwayans li yo avèk lòt prizonye yo. Yon ane apre sa, li te libere epi li te batize antanke Temwen Jewova. Li te planifye tou pou l marye, men gen yon pwoblèm ki te rive. Yon mwa anvan maryaj la, tribinal la te ba l 10 an prizon anplis pou kèk ka ki potko rezoud. Sepandan, apre twazan edmi yo te libere l akòz bon konduit li. Finalman, li te marye. Miguel pa janm retounen vin yon kriminèl ankò.