Al gade sa k anndan l

Yo te jwenn èd pou yo pa touye tèt yo

Yo te jwenn èd pou yo pa touye tèt yo

PANDAN de Temwen Jewova t ap preche kay an kay, yo te frape yon pòt. Gen yon mesye ki te boulvèse ki ouvri pòt la, e dèyè l la te gen yon kòd ki pandye nan yon eskalye.

Lè mesye a envite Temwen yo antre, yo mande l poukisa kòd sa a pandye la a. Mesye a di se tèt li l t apral pann, men lè l tande sonèt la, li deside ouvri pòt la pou yon dènye fwa. Temwen yo te rezone ak mesye a e yo te mennen l kay yon doktè ki te ede l.

Istwa sa a te parèt nan yon jounal nan peyi Bèljik. Men, se pa sèl fwa sa a Temwen Jewova yo te ede yon moun ki t apral touye tèt li. Ann egzamine kèk lòt istwa menm jan an ki te pase plizyè kote sou tè a.

Men sa yon dam nan peyi Lagrès te ekri: “Mwen te sibi yon gwo desepsyon nan men mesye mwen t ap viv avè l la, e m te vin fè yon gwo depresyon. Mwen te tèlman ap soufri, mwen te deside touye tèt mwen. Lè m te panse touye tèt mwen, sa te soulaje m, m te vle sispann soufri.”

Olye dam nan te fè sa, li te chèche èd doktè. Yon ti tan annapre, li te kontakte Temwen yo, li te kòmanse yon etid Labib e l te kòmanse asiste reyinyon yo. Men sa l te ekri: “Mwen te jwenn lanmou sensè mwen te pase tout ane sa yo ap chèche a nan kominote frè ak sè yo.” Epi, li te ajoute: “Mwen vin gen bon zanmi mwen ka fè konfyans. Mwen santi m kalm e kè m kontan, mwen pa enkyete pou demen.”

Men sa yon Temwen Jewova ann Angletè ekri: “Gen yon moun mwen konnen ki te telefone m e l te boulvèse anpil, li te di m li pral touye tèt li menm aswè a. Mwen te itilize kèk pwen nan yon atik Réveillez-vous! me 2008 ki te dekouraje moun touye tèt yo, mwen te rezone avè l e m te pale sou kèk vèsè ankourajan avè l. Kounye a, li pa anvi touye tèt li ankò, malgre li gen pwoblèm.”

Michael, yon Temwen Jewova nan peyi Gana, te kòmanse yon konvèsasyon ak yon jèn dam k ap vann kote l ap travay la. Yon jou, Michael te remake dam nan tris anpil, e li te mande l sa k pase.

Dam nan te di li vle touye tèt li paske mari l kite l e l pran yon lòt fi. Michael te konsole dam nan, epi l ba li de liv ki esplike vèsè ki nan Bib la. Enfòmasyon li te jwenn yo te fè l pa touye tèt li ankò. Dam nan te kontinye etidye Labib e kounye a li se yon Temwen Jewova.

Yon jounal nan peyi Etazini rapòte te gen yon jèn Temwen ki t ap preche ki te remake gen yon machin ki pakin e motè l t ap mache.

Men sa jèn Temwen an te di: “Mwen te wè yon tib ki mezire kat pous lajè ki tache nan mòflè machin nan. Lòt pwent tib la te pase nan vit machin nan ki te tepe nèt pou yon ti lè pa pase.

“Mwen te kouri al bò machin nan, mwen gade nan vit la e m wè yon dam k ap kriye, lafimen pwès ki sot nan mòflè a te kouvri l. Mwen te di byen fò: ‘Sa w ap fè la a?’

“Pandan m pral ouvri pòt la, m wè twa timoun piti sou kousen dèyè a. Mwen ouvri pòt la, epi dam nan di: ‘Fò m ale! Fò m ale! Fò m al ak pitit mwen yo.’

“Mwen te di: ‘Tanpri, pa fè sa! Se pa solisyon an sa!’

“Dam nan reponn: ‘Fò m al nan syèl. Fò m al ak pitit mwen yo.’

“Pandan l kontinye ap kriye, mwen met ajenou e m pran kriye tou. Mwen di l yon lòt fwa ankò: ‘Tanpri, pa fè sa!’ Apre sa, m antre nan machin nan, mwen pran dam nan nan bra m, epi m ede l sot nan machin nan tou dousman.

“Lè sa a, dam nan di byen fò: ‘Sove pitit mwen yo pou mwen!’

“Timoun yo te lonje men yo ban mwen. Te gen de tifi, youn te gen katran, lòt la te gen senk an e te gen yon tigason ki te gen dezan. Yo te chita byen trankil sou kousen ki dèyè chofè a, yo pa t konnen nan yon tikras tan yo t apral mouri.

“Kou toule kat te sot nan machin nan, mwen te etenn machin nan. Apre sa, nou toule senk te chita sou yon ti mi ki fèt an wòch, epi m di dam nan: ‘Pale avè m.’”

Pou Temwen Jewova yo lavi se yon kado ki gen anpil valè Kreyatè nou an fè nou. Toupatou sou tè a, yo fè tout sa yo kapab pou yo konsole moun ki nan lapenn akoz moun yo genyen ki touye tèt yo, e yo ede moun ki eseye touye tèt yo.