Al gade sa k anndan l

4yèm albòm foto Warwick (Soti me 2015 rive out 2015)

4yèm albòm foto Warwick (Soti me 2015 rive out 2015)

Nan albòm foto sa a, gade ki jan travay la t ap pwogrese nan nouvo syèj mondyal Temwen Jewova yo e kòman volontè yo te bay èd nan konstriksyon an soti mwa me 2015 pou rive out 2015.

Yon plan ki montre ki jan bilding Warwick yo pral ye lè yo fini. Nan sans egwi yon mont, sot anwo agoch:

  1. Bilding ki gen garaj yo

  2. Pakin vizitè yo

  3. Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

  4. Rezidans B

  5. Rezidans D

  6. Rezidans C

  7. Rezidans A

  8. Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

6 me 2015 — chantye Warwick

Y ap enstale yon griyaj pwoteksyon nan lak Sterling Forest la (yo rele l lak Ble tou). Griyaj sa a ap anpeche gwo debri yo antre nan kanalizasyon yo fè pou lak la.

6 me 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Ekip k ap travay sou fasad bilding nan ap met yon “beton ame” sou balistrad ki sou do bilding mentnans lan. Fason yo met beton ame a fèt pi rapid pase lòt fason yo konn sèvi ak beton nòmal.

15 me 2015 — chantye Warwick

Yon fotograf nan Depatman achiv k ap fè foto konstriksyon an. Chak semèn, manm Kolèj santral Temwen Jewova yo gade foto yo pou yo konnen ki jan pwojè a ap pwogrese.

30 me 2015 — Bilding Tuxedo a

De volontè ki soti nan sid Kalifòni ki vin travay nan ekip plonbri a. Yo te pami plizyè santèn volontè ki te rive nan Tuxedo jou sa a. Tuxedo sèvi kòm katye jeneral pou chantye Warwick la. Nan dat 1ye out, yo te anrejistre 707 nouvo volontè ki te vin travay nan pwojè a e se premye fwa yo te gen tout moun sa a.

9 jen 2015 — Rezidans B

Kèk kontraktè k ap enstale yon pati nan mi pa deyò bilding nan grasa yon liftè. Rezidans B a se dènye bilding kote yo te enstale mi tou fèt ak fenèt.

16 jen 2015 — Rezidans C ak D

Kèk kontraktè k ap enstale yon pasrèl ki relye rezidans C a ak rezidans B a.

25 jen 2015 — Rezidans C

Kèk moun k ap poze gazon nan pati wès chantye a.

2 jiyè 2015 — chantye Warwick

Yon ekip k ap renove premye rezèvwa a ki relye ak baraj la. Yo te fè premye enstalasyon an nan ane 1950 yo. Renovasyon sa yo ap itil anpil lè gen gwo tanpèt ak gwo lapli ki kòmanse frape zòn nan kounye a. Konsa, sa ap pwoteje chantye Warwick la ansanm ak lòt pwopriyete ki toupre a kont inondasyon.

15 jiyè 2015 — Rezidans A

Pou anpeche twòp moun travay sou chantye a anmenmtan, gen kèk travay yo kontinye fè rive jis lannuit tankou travay ki fèt anndan yo (pentire oswa izole tiyo yo). Lè yo te fè aranjman pou gen yon ekip ki travay nan aprèmidi, gen plizyè santèn volontè ki te jwenn asiyasyon pou travay soti twazè aprèmidi pou rive dezè dimaten.

20 jiyè 2015 — Rezidans D

Yon manm ekip HVAC a (li gen rapò ak chofaj, vantilasyon ak èkondisyone) k ap montre yon volontè ki jan pou l izole yon tiyo.

21 jiyè 2015 — Rezidans B

Y ap pentire pasrèl ki relye Rezidans B a ak Bilding mentnans lan.

27 jiyè 2015 — Bilding Tuxedo a

Plizyè volontè ki kanpe nan pakin pa dèyè a, y ap tann pou yo mennen yo Warwick. Gen yon pakèt bis ki fè ale vini pou mennen volontè yo sou chantye a.

27 jiyè 2015 — Bilding Tuxedo a

Y ap koupe cheve twa volontè ki travay sou chantye Warwick la. Chak semèn, yo koupe cheve plis pase 400 volontè nan salon kwafi ki nan Tuxedo, Warwick ak depo Montgomery a.

3 out 2015 — Chantye Warwick

Kofraj chan jeyotèmik la pare pou yo koule beton sou li. Grasa 120 pi yo fouye jiska 150 m byen fon anba tè, sistèm sa a ap pèmèt yo jwenn kantite chalè y ap bezwen nan sezon ivè ak kantite frechè y ap bezwen nan sezon ete. Sistèm enèji jeyotèmik la pèmèt yo redui anpil depans e l ede n pwoteje anviwònman kote bilding yo ye a.

7 out 2015 — Montgomery, nan Nouyòk

Apre yo fin resevwa materyèl nan men founisè yo, yo met tout sa ki menm yo ansanm. Materyèl sa yo pral sèvi pou travay yo pral fè sou chantye Warwick la.

14 out 2015 — Vilaj Tuxedo, nan Nouyòk

De volontè sou chantye Warwick (dezyèm ak twazyèm apati bò dwat) k ap manje ak yon fanmi nan zòn nan. Gen plizyè fanmi Temwen Jewova, tankou fanmi sa a, ki renmen akeyi volontè ki vin travay sou pwojè a lakay yo.

17 out 2015 — Bilding mentnans lan/Pakin Betelit yo

Yon volontè k ap sèvi ak yon nivo optik pou l kontwole nivo sòl la.

20 out 2015 — Bilding ki gen biwo yo ak lòt sèvis yo

Yo fin enstale tout fenèt ki nan resepsyon prensipal la. Se la y ap gen pou akeyi vizitè yo.

26 out 2015 — Chantye Warwick

Soti mwa me pou rive mwa out, yo te fin enstale mi ak plafon nan Rezidans B a ki se dènye rezidans lan. Yo te fin enstale tout pasrèl ki relye bilding yo e yo te kòmanse travay nan zòn jaden yo (gazon, flè elatriye).