Al gade sa k anndan l

Volontè yo ap travay sou chantye Tòksido a

Volontè yo ap travay sou chantye Tòksido a

Li setè eka nan maten, nan Tòksido ki nan Nouyòk. Syèl la ble, e gen yon kouch nèj ki kouvri ti lak ki bò kot yon bilding ki gen kat etaj. Gen gason ak fi k ap rantre soti ak rad travay sou yo epi yo gen bòt travay nan pye yo. Pandan matine a, yo sot tout kote pou yo vin sou chantye a tankou, nan otèl ak nan kay ozanviwon yo, ak nan lòt zòn nan Eta Nouyòk tankou, Patèsonn, Wòlkil, e menm nan Bwouklin. Yo soti nan yon distans anviwon 80 kilomèt.

Sepandan, pifò nan moun sa yo soti toupatou nan peyi Etazini e menm pi lwen toujou. Gen kèk ki vin travay kòm volontè pou yon semèn, gen ladan yo se pou sis semèn e gen lòt k ap fè plis tan toujou. Yo fè vwayaj la ak kòb pa yo e yo pa peye yo senkòb pou travay y ap fè a. Sepandan, yo kontan anpil paske yo la.

Gen anviwon 120 volontè ki vin travay nan jou sa a, e kantite a pral ogmante nan mwa k ap vini yo. Yo antre nan salamanje a epi yo chita sou tab yo. Gen dis moun sou chak tab. Anpil ladan yo gentan pran yon ti kafe toutpandan y ap pran sant bekonn y ap kuit nan kuizin nan. Lè l fè egzakteman 7:00 a.m. yo suiv egzamen yon tèks nan Bib la sou kèk ekran televizyon. 15 minit annapre, gen moun ki sèvi yo ti dejene a. Anplis bekonn nan, yo bay pen, ze ak avwàn. Gen ase manje pou tout moun manje.

Apre yo fin priye nan fen repa a, lè a rive pou tout moun al travay. Moun ki sou chantye yo kontan ap pale ansanm toutpandan y ap mete kas yo, linèt pwotektè yo, rad ki gen fosfò yo, ansanm ak senti pou mete zouti.

Sa yo gen pou yo fè se fè enstalasyon ki te la pou konpayi International Paper Company ki nan Tòksido a vin tounen yon kote pou konstwi syèj mondyal Temwen Jewova yo. Yo pral fè konstriksyon sa a nan yon distans kèk kilomèt parapò ak wout la, nan vil Wòwik. Yo fè chanm akouche, biwo, chòp ak depo nan enstalasyon ki te deja la yo. Jou madi ki te 12 mas 2013 la, biwo lokal ki la pou bay pèmisyon pou konstwi a te bay apwobasyon ki mache ak kondisyon pou yo egzekite plan konstriksyon sou teren Tòksido a.

Ki jan yo te akeyi volontè tanporè yo lè yo te fèk rive kote yo te loje yo a? Men sa William, ki soti Noujèze, te di: “Lè w ap tcheke pou w rantre, frè yo di w tout sa w dwe konnen tankou, kote chanm ou ye, wout pou w fè pou w al kote w vle, kijan pou w itilize kle yo. Tout moun ap ede w. Lè w rive Tòksido, w al jwenn siveyan w lan apre ti dejene a e li esplike w ki travay ou pral fè.”

Ki jan jounen travay la konn ye? Yajaira ansanm ak mari l soti Pòtoriko e y ap bay èd yo nan chapant ak nan randuisaj. Men sa Yajaira di: “Nou leve vè 4:30 a.m. epi nou netwaye apatman an, nou bwè yon tas kafe apre sa n al nan bis ki vin chèche nou an. Nou konn fatige nan fen jounen an, men sanble nou pa janm sispann ri. Tout moun kontan anpil.”

Zòn Wòwik la antoure ak forè. Zach ak madanm li, Beth ap bay èd yo nan prepare teren Wòwik la. Lè yo te mande yo poukisa yo vin travay la, Beth di: “Nou kwè pa gen pi bon objektif yon moun ka gen nan lavi l pase sèvi Jewova. Nou vle sèvi ak kapasite nou nan sèvis n ap ba li a.”