Al gade sa k anndan l

Plis pase 165 000 charyo piblikasyon

Plis pase 165 000 charyo piblikasyon

Tout moun byen konnen Temwen Jewova yo antanke moun k ap preche kay an kay, e kounye a, yo konn wè yo ki kanpe bò kote yon seri bèl charyo pou yo bay temwayaj nan zòn ki chaje moun.

Sa pa gen twò lontan depi yo te mete plis aksan sou fason sa a pou preche. Nan mwa Novanm 2011, gen yon gwoup Temwen nan vil Nouyòk ki te kòmanse ede moun konn mesaj ki nan Bib la pa mwayen charyo oswa tab pou piblikasyon. Efò yo te fè a te tèlman byen mache, sa te vin gaye nan lòt vil yo.

Rive nan mwa mas 2015, yo te gentan voye 165 390 charyo nan kongregasyon Temwen Jewova yo sou tout tè a. Yo te jwenn tou plizyè milye stann, tab ak kyòs.

Travay predikasyon kay an kay la toujou rete prensipal fason Temwen Jewova yo ap fè moun yo konnen verite ki nan Bib la. Sepandan, yo vrèman jwenn bonjan rezilta ak charyo piblikasyon yo. Annou konsidere kèk egzanp.

Nan peyi Pewou, gen yon mesye ki rele Raul ki te pwoche bò kot Temwen Jewova yo ki te kanpe toupre yon charyo e l te di: “Ki kote nou te ye? Sa fè twazan depi m ap chèche Temwen yo! Lè m te wè charyo nou an, mwen te di Bondye mèsi.”

Se vre Temwen Jewova yo konn preche souvan nan zòn kote Raul rete a, men li pa janm lakay li ni lajounen ni nan wikenn. Li te esplike yo li t ap etidye Labib deja ak Temwen Jewova yo, epi li vle rekòmanse etid la. Yo te fè aranjman yon fason pou l te ka rekòmanse etid la.

Nan peyi Bilgari gen yon jèn koup ki te vin devan yon charyo e yo te pran liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi an. Nan semèn ki vin apre a yo te retounen e yo te pran de lòt liv ki se: Liv istwa biblik mwen an ak liv Koute gran Anseyan an. Temwen ki te bò charyo a te mande yo konbyen pitit yo genyen. Yo te reponn: “Nou poko genyen, men, lè n genyen, nou planifye pou n aprann yo bagay ki gen rapò ak Bondye. Se egzakteman liv konsa nou bezwen.”

Nan peyi Ikrèn, gen yon mesye ki te gen yon rad militè sou li ki te pwoche bò yon charyo piblikasyon. Men sa l te di sè ki te la yo: “Medam, di m ki lè Amagedon ap rive”. Mesye sa a te patisipe pa twò lontan nan lagè ki te fèt nan peyi Ikrèn nan. Fason evènman yo ap dewoule nan monn nan fè l kwè Amagedon pa lwen, e l te mande poukisa Bondye poko aji toujou. Pwoklamatè yo te sèvi ak Bib la pou yo espkike l Bondye gen bonjan rezon ki fè li poko aji, men talè konsa li pral detwi tout mechan yo. Mesye a te aksepte Toudegad ak Réveillez-vous! a ansanm ak liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous? a.

Nan peyi Masedwàn, gen yon jèn gason ki te di kèk Temwen ki te kanpe bò yon charyo li abitye li peryodik yo, men, kounye a li ta renmen genyen liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Li te di l prale tou dwat nan yon bibliyotèk piblik pou l ka kòmanse li l.

Dezèdtan annapre, lè l te retounen, li te deja li 79 premye paj yo. Li te di: “Liv sa a chanje lavi moun! Mwen rann mwen kont gen anpil bagay mwen te kwè ki pa laverite. Tout esplikasyon liv la bay yo lojik. Sa chanje fason m te wè lavi a nèt!”