Al gade sa k anndan l

Yon kanpay predikasyon nan kèk vilaj ki bò rivyè Mawoni an

Yon kanpay predikasyon nan kèk vilaj ki bò rivyè Mawoni an

 Byen lwen aktivite ki nan vil yo, gen moun ki soti nan plizyè tribi, plizyè nasyon ak moun ki pale diferan lang ki abite nan forè Amazòn ki ann Amerik disid la. An jiyè 2017, yon gwoup ki te gen 13 Temwen Jewova te fè yon vwayaj sou gwo rivyè Mawoni an ak branch li genyen ki sou bò lès rivyè a, an Giyàn fransè. Nan ki objektif? Se nan objektif pou yo te pataje mesaj ki bay bonjan espwa ki baze sou Bib la ak moun k ap viv toupre rivyè a.

Fason n te prepare pou vwayaj la

 Yon mwa anvan vwayaj ki t apral dire 12 jou a te kòmanse, yo te planifye yon reyinyon ak tout moun. Men sa Winsley sonje: “Yo te ban n enfòmasyon sou zòn nan ak istwa moun nan zòn nan, epi nou te pale tou sou fason nou ka prepare n pou vwayaj la”. Chak moun te pote yon amak pou yo dòmi ak yon moustikè. Pou n te ka fè vwayaj sa a, nou t ap gen pou n pran avyon, epitou nou t ap pase plizyè èdtan sou dlo rivyè a nan kannòt.

Claude ak Lisette

 Ki jan moun ki te resevwa envitasyon pou yo patisipe a te santi yo? Byenke Claude ak Lisette nan laj pou pran retrèt, yo te chofe pou yo patisipe. Men sa Claude di: “Se pa ti kontan m te kontan, men m te yon ti jan renka tou. E m te tande anpil bagay sou move dlo ki genyen nan rivyè sa a.” Lisette te gen enkyetid pa l: “M t ap mande tèt mwen kòman m t ap ka pale lang moun amerendyen yo.”

 Se konsa tou yon lòt patisipan ki rele Mickael te santi l. Men sa l di: “Nou prèske pa t konn anyen sou tribi Wayana a, donk m te fè rechèch sou Entènèt pou m aprann kèk mo e pou m konnen kòman pou m salye moun yo nan lang yo.”

 Shirley, ki t apral fè vwayaj la ak mari l ki rele Johann, te fè yon lis lang moun yo pale bò rivyè a. Men sa l di: “Nou te telechaje videyo nou te jwenn nan lang sa yo sou jw.org e nou te jwenn yon liv ki gen kèk ekspresyon senp nan lang Wayana.”

Nou rive nan zòn kote Amerendyen yo ap viv

 Nan madi 4 jiyè, gwoup la te pran avyon nan vil Sen Loran Mawoni an pou l rive Maripasoula, yon ti vil ki nan fon peyi Giyàn fransè.

 Pandan 4 jou, gwoup la te preche moun k ap viv nan vilaj ki bò plizyè branch rivyè a genyen. Yo t ap vwayaje nan kannòt ki gen motè dèyè yo. Men sa yon manm nan gwoup la ki rele Roland di: “Nou te wè Amerendyen yo k ap viv nan zòn sa a vrèman enterese konnen sa Bib la di sou plizyè sijè. Yo te gen anpil kesyon e genyen ki te vle nou etidye Labib avèk yo.”

 Nan youn nan vilaj sa yo, Johann ak Shirley te rankontre yon jèn mesye ak madanm li ki te gen yon fanmi yo ki te touye tèt li yon ti tan anvan n vini. Men sa Johann di: “Nou te montre yo yon videyo ki te soti nan youn nan emisyon Tele JW ki gen tit: Yon Endyen ann Amerik jwenn Kreyatè l la. Videyo a te touche kè yo toule de. Yo te ban nou adrès imel yo pou n ka rete an kontak avèk yo.”

 Kote ki pi lwen nou te vizite anwo rivyè a rele Antekoum Pata. Chèf vilaj la te bay Temwen yo ki te fatige, otorizasyon pou yo monte amak yo nan yon espas piblik. Se nan rivyè a yo tout te benyen menm jan moun vilaj la abitye fè sa.

 Apre sa, gwoup la ale nan yon lòt vilaj ki rele Twenke, e la yo te jwenn moun yo nan tristès akoz lanmò yon moun nan vilaj la. Men sa Eric, youn nan moun ki te òganize vwayaj la di: “Chèf tribi a te pèmèt nou sikile nan vilaj la san pwoblèm pou n pale ak moun ki te nan lapenn yo, nan objektif pou n ba yo rekonfò. Chèf la li menm ak fanmi l te byen apresye pasaj nou te li pou yo nan yon Bib nan lang Wayana. Nou te montre yo tou videyo nou te genyen ki pale de pwomès Bib la bay sou rezireksyon an.”

Nan vil Gran Santi ak nan vil Apatou

 Pwochen etap vwayaj la te dire demi èdtan nan avyon soti Maripasoula pou rive nan yon ti vil yo rele Gran Santi. Nan madi ak mèkredi, frè ak sè yo te pataje mesaj ki nan Bib la ak moun ki abite nan zòn nan. Nan jedi, Temwen yo te fè yon lòt vwayaj ki te dire senk èdtan edmi sou rivyè Mawoni an pou yo rive nan yon ti vil yo rele Apatou.

Rivyè Mawoni an ak forè Amazòn nan ant Maripasoula ak Gran Santi

 Anvan dènye jou vwayaj la, gwoup la te vizite diferan vilaj Mawoun ki gen nan forè a. Mawoun yo se desandan esklav afriken yo ye, yo te mennen yo ann Amerik disid pandan Sirinam, yon peyi ki akote a, te yon koloni. Temwen yo te envite tout moun vin asiste yon reyinyon yo te fè nan forè a, anba yon gwo tant yo te monte pou okazyon an. Men sa Claude di: “Kè nou te kontan anpil lè n te wè kantite moun ki te vini.” Men sa l di ankò: “Se nan maten nou te envite yo!” Karsten, ki te fè vwayaj sa a pou premye fwa, te bay yon diskou nan lang aukan, ki te gen tit: “Èske apre lavi sa a pa gen anyen ankò?” Te gen katreven onz moun ki te soti nan diferan vilaj ki te vini nan reyinyon an.

“Nou pare pou n patisipe ankò!”

 Finalman, gwoup frè ak sè yo te retounen Sen Loran Mawoni. Se pa ti kontan nou te kontan lè n wè jan moun yo te byen resevwa bon nouvèl la, nou te bay 80 piblikasyon epi nou te montre 167 videyo.

 Men sa Lisette di: “M pa gen mo pou m esplike jan mwen kontan lefètke m te patisipe nan kanpay sa a.” Men sa Cindy ajoute: “Si m te kapab, mwen t ap mande patisipe ankò. Nou dwe fè eksperyans kè kontan sa a pou n ka konprann!”

 Eksperyans lan fè frè ak sè yo anvi retounen. Men sa Mickael di: “Nou pare pou n patisipe ankò!” Winsley te demenaje al rete Sen Loran Mawoni. Claude ak Lisette, yo toule de ki nan swasantèn yo te demenaje al abite Apatou.