Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske moun k ap rele pou mande sekou yo ap jwenn jistis?

Èske moun k ap rele pou mande sekou yo ap jwenn jistis?

 Sanble enjistis gaye nan monn nan. Ann pran de egzanp sèlman kote moun te sibi enjistis nan men moun ki la pou bay jistis yo:

  •   An janvye 2018, yon jij te bay lòd pou yo lage yon mesye ki te pase prèske 38 an nan prizon. Egzamen ADN yo te vin fè te montre li inosan.

  •   An septanm 1994, yo te mete twa jèn gason nan prizon nan yon peyi ann Afrik, paske konsyans yo pa pèmèt yo fè sèvis militè. Septanm 2020 fè yo 26 an nan prizon san yo pa t janm di yo ki akizasyon yo gen sou do yo oswa parèt devan yon tribinal pou yo jije yo.

 Si w te sibi enjistis, petèt ou santi w menm jan avèk Jòb yo pale de li nan Bib la, ki te di: “Mwen kontinye mande sekou, men m pa jwenn jistis.” (Jòb 19:7). Menm lè li parèt enposib jodi a, Bib la pwomèt rive yon lè moun k ap mande sekou yo ap jwenn jistis. Epitou, sajès ki nan Bib la kapab ede w fè fas ak enjistis depi kounye a.

Ki sa k lakòz enjistis?

 Se paske moun yo rejte prensip Bondye bay yo ki fè gen enjistis. Bib la fè konnen vrè jistis la soti nan Bondye (Ezayi 51:4). Nan Bib la, mo yo mete “jistis” ak “ladwati” pou tradui yo a, prèske vle di menm bagay (Sòm 33:5). Aksyon ki dwat yon moun fè ki ann amoni ak prensip Bondye yo fè gen jistis. Men, enjistis soti nan peche, sa vle di lè nou pa respekte prensip Bondye yo, sa fè gen enjistis. Annou pran kèk egzanp:

  •   Egoyis. Gen yon lyen dirèk ant dezi egoyis ak peche (Jak 1:14, 15). Anpil moun aji yon fason ki enjis ak lòt moun pou pran avantaj sou yo, pou yo jwenn sa yo vle. Men, Bondye vle pou nou mete avantaj lòt moun an premye. — 1 Korentyen 10:24.

  •   Inyorans. Gen kèk moun ki aji ak lòt moun yon fason ki enjis san yo pa menm rann yo kont, men pou Bondye, aksyon sa yo se peche kanmenm (Women 10:3). An reyalite, inyorans te fè moun fè pi gwo enjistis ki te ka genyen an, lè yo te touye Jezi Kris. — Travay 3:15, 17.

  •   Òganizasyon lèzòm yo ak ide yo pa mache. Nòmalman, sistèm politik, sistèm komèsyal ak sistèm relijye ki nan monn sa a la pou yo ankouraje moun aji avèk jistis e pou pèmèt gen jistis nan sosyete a. Men, byen souvan, sistèm sa yo lakòz erè fèt, yo lakòz koripsyon, prejije, gwo tanta, gwo diferans nan domèn ekonomik ak entolerans e tout bagay sa yo ka lakòz enjistis. Gen kèk nan sistèm sa yo, se moun ki gen bon entansyon ki mete yo anplas. Men, finalman, tout efò lèzòm ap fè san yo pa suiv direksyon Bondye pap reyisi. — Eklezyas 8:9; Jeremi 10:23.

Èske enjistis pa di Bondye anyen?

 Bondye rayi enjistis e li rayi fason moun aji ki lakòz enjistis (Pwovèb 6:16-18). Men ki sa l te enspire pwofèt Ezayi pou l ekri: “Mwen menm, Jewova, a mwen renmen jistis. Mwen rayi moun k ap vòlè ak moun ki pap fè sa ki dwat.” — Ezayi 61:8.

 Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an montre li vle moun yo aji avèk jistis. Li te bay jij yo lòd pou yo pa aksepte kado anba anba ni pou yo pa aksepte okenn aksyon ki te ka fè yo aji yon fason ki enjis (Detewonòm 16:18-20). Li te kondane Izrayelit ki te dezobeyi l lè yo te fè abi sou moun ki pòv e ki pa gen gwo pozisyon yo. Rive yon lè li te rejte yo lefètke yo pa t suiv prensip li yo. — Ezayi 10:1-3.

Èske Bondye pral met fen nan enjistis?

 Wi. Pa mwayen Jezi Kris, Bondye pral retire sa ki lakòz enjistis sètadi peche e li pral fè lèzòm retounen vin pafè ankò (Jan 1:29; Women 6:23). Mete sou sa, li mete yon Wayòm sou pye, ki pral pèmèt gen yon monn nouvo ki jis e ki pral pèmèt tout moun jwenn jistis (Ezayi 32:1; 2 Pyè 3:13). Pou w aprann plis sou Wayòm sa a ki nan syèl la, gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Ki jan lavi a pral ye nan monn nouvo ki jis la?

 Lè jistis pral gaye sou tout tè a, tout moun pral jwenn lapè ak sekirite (Ezayi 32:16-18). Lavi chak moun gen valè nan je Bondye, donk, yo pral trete tout moun avèk jistis. Pap gen tristès, rèl ak doulè ki genyen akoz enjistis e bagay sa yo pral disparèt pou toutan. Menm sonje moun pap sonje bagay ki konn fè moun soufri yo. Tikras pa tikras souvni sa yo pral disparèt (Ezayi 65:17; Revelasyon 21:3, 4). Pou w jwenn plis detay, gade atik “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

Èske se toutbon Bondye pral fè yon monn ki pa gen enjistis?

 Wi. Nan Bib la, nou jwenn yon pakèt pwofesi nou ka fè konfyans e sa Bib la di anrapò ak listwa ak lasyans, se bagay ki egzak. Mete sou sa, tout sa ki nan Bib la ann amoni youn ak lòt e tout bagay sa yo montre nou ka fè pwomès Bondye yo konfyans. Atik ki vin apre yo bay plis detay sou sa:

Èske nou ka lite ak enjistis depi kounye a?

 Gen bon moun nan Bib la ki te fè sa yo te kapab pou yo pa trete yo yon fason ki enjis. Pa egzanp, yo te vle fè yon jijman ki pa t jis pou apot Pòl e sa te ka lakòz li mouri. Li pa t annik kite yo fè l enjistis la konsa. Men, li te sèvi ak mwayen lajistis te mete anplas pou l ka mande pou l parèt devan Seza. — Travay 25:8-12.

 Malgre sa, efò lèzòm ap fè pou yo elimine enjistis nan monn sa a pa ka reyisi (Eklezyas 1:15). Men, gen anpil moun ki twouve lè yo mete lafwa yo nan pwomès Bondye fè pou l tabli yon monn nouvo ki gen jistis, sa ede yo pou lespri yo vin anpè menm lè yo wè enjistis.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.