Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske koripsyon ki gen nan gouvènman yo ap janm fini?

Èske koripsyon ki gen nan gouvènman yo ap janm fini?

 Toupatou sou tè a, moun ki nan tèt gouvènman yo nan koripsyon e sa bay gwo pwoblèm a. Pa egzanp, pandan pandemi kowonaviris la, yo te akize otorite nan plizyè peyi kòmkwa yo t ap pran nan kòb ki pou ede moun ki afekte akoz pandemi an. Akoz tout koripsyon sa a gen anpil moun ki pa jwenn swen yo ta dwe jwenn e sa vin lakòz anpil moun soufri e anpil moun mouri.

 Koripsyon ki gen nan gouvènman yo fè anpil moun soufri. Men sa David Cameron yon ansyen premye minis nan Wayòm Ini fè konnen: Koripsyon tankou yon gwo fil arenyen e tout peyi pran ladan l.

 Men, nou ka sèten talè konsa tout koripsyon ki gen nan gouvènman yo pral fini. Sa k fè sa? Annou wè sa Bib la di Bondye pral fè.

Rezon ki fè nou konnen Bondye pral mete fen nan koripsyon

 Men sa Bib la fè konnen Bondye di: “Mwen menm, Jewova, mwen renmen jistis. Mwen rayi moun k ap vòlè ak moun ki pap fè sa ki dwat.” b (Ezayi 61:8). Lè moun soufri akoz zak koripsyon lòt moun fè, Bondye konn sa (Pwovèb 14:31). Men ki pwomès li fè: “Piske y ap toupizi moun k ap soufri yo, [...] m ap pase alaksyon.” — Sòm 12:5.

 Ki sa Bondye pral fè? Li pa pral amelyore gouvènman ki la jodi a, men li pral ranplase yo ak gouvènman pa l la ki nan syèl la ki rele “Wayòm Bondye a”. (Mak 1:14, 15; Matye 6:10.) Men sa Bib la di: “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm [k ap] kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” ​(Dànyèl 2:44). Se konsa Bondye pral mete fen nan koripsyon ki gen jodi a.

Yon gouvènman ki pa gen koripsyon

 Ki jan nou fè konnen Wayòm Bondye a, sètadi gouvènman Bondye a, pap gen koripsyon ladan l? Annou gade kèk rezon.

  1.  1. Pouvwa. Se nan men Bondye Toupisan an Wayòm sa a resevwa pouvwa li genyen an. — Revelasyon 11:15.

     Poukisa sa enpòtan: Gouvènman lèzòm yo depann de kòb sitwayen yo bay pou yo ka fonksyone. Byen souvan sa vin lakòz moun bay kòb anba anba, yo vòlè, oubyen yo fè magouy. Sepandan, Wayòm sa a se Bondye Toupisan an ki soutni l. Donk, l ap toujou kapab bay moun l ap dirije yo sa yo bezwen. — Sòm 145:16

  2.  2. Dirijan. Se Jezi Kris Bondye mete kòm Dirijan Wayòm nan. — Dànyèl 7:13, 14.

     Poukisa sa enpòtan: Menm pi bon dirijan sou tè a ka tonbe anba move enfliyans (Eklezyas 7:20). Sepandan, Jezi te montre pèsonn pa ka achte l (Matye 4:8-11). Mete sou sa, se bonjan lanmou pou moun l ap dirije yo ki toujou pouse l aji e li vrèman vle sa ki bon pou yo. — Sòm 72:12-14.

  3.  3. Lwa. Lwa Wayòm Bondye a bay yo pafè e yo menm bay moun ki obeyi lwa sa yo kè kontan. — Sòm 19:7, 8.

     Poukisa sa enpòtan: Byen souvan, lwa lèzòm yo konplike, yo difisil pou moun obeyi. Oswa lè yon moun pa obeyi lwa sa yo, yo pa resevwa pinisyon yo ta dwe resevwa e sa vin lakòz moun jwenn posiblite pou yo fè koripsyon. Yon lòt bò, lwa Bondye yo itil e yo bon pou nou (Ezayi 48:17, 18). Mete sou sa, nonsèlman lwa sa yo fè konnen ki jan yon moun dwe aji, men tou li montre ki sa ki dwe pouse moun aji (Matye 22:37, 39). Natirèlman, Bondye ka li kè, donk li konprann sikonstans chak moun. Sa pèmèt li demontre konpasyon pou moun ki merite sa, lè yon moun pa obeyi lwa sa yo jan yo ta dwe obeyi yo. — Jeremi 17:10.

 Nou envite w aprann plis sou pwomès Bib la fè pou lavni kote pap gen koripsyon nan gouvènman yo.

a Selon definisyon yo bay, “koripsyon” se lè yon moun mal sèvi ak pouvwa yo ba li nan avantaj pa l.

b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.