Matye 6​:​1-34

  • DISKOU SOU MÒN NAN (1-34)

    • Pa chèche fè wè nou jis (1-4)

    • Fason pou nou priye (5-15)

      • Modèl priyè a (9-13)

    • Fè jèn (16-18)

    • Trezò sou tè a ak trezò nan syèl la (19-24)

    • Sispann bay tèt nou pwoblèm (25-34)

      • Kontinye chèche Wayòm nan an premye (33)

6  “Fè atansyon pou se pa devan lèzòm n ap pratike sa ki jis, nan entansyon pou nou fè yo wè nou+. Si se sa nou fè, nou pap jwenn okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.  Konsa, lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd*, pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo fè nan sinagòg yo ak nan lari, pou moun ka ba yo glwa. Anverite m ap di nou sa: Yo deja gen tout rekonpans yo.  Men ou menm, lè w ap bay kado ki montre w gen mizèrikòd, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè,  dekwa pou kado ou bay ki montre w gen mizèrikòd la ka ret an sekrè. Lè sa a, Papa w ki wè sa k fèt an sekrè ap remèt ou sa+.  “Epitou, lè n ap priye, pinga nou fè menm jan ak ipokrit yo+. Paske, lè y ap priye, yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou gran wout yo pou moun ka wè yo+. Anverite m ap di nou sa: Yo deja gen tout rekonpans yo.  Men, ou menm, lè w ap priye, antre nan chanm ou, epi lè w fin fèmen pòt ou, priye Papa w moun pa ka wè a+, e Papa w ki wè sa k fèt an sekrè ap rekonpanse w.  Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo, jan moun ki nan nasyon yo fè sa, paske yo met nan tèt yo Bondye ap tande yo poutèt yo di yon pakèt pawòl.  Donk, pa fè tankou yo, paske Bondye, Papa nou, konnen ki sa nou bezwen+ anvan menm nou mande l.  “Kidonk, men ki jan nou dwe priye+: “‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w+ vin sen*+. 10  Se pou Wayòm ou an+ vini. Se pou volonte w+ fèt sou tè a kou nan syèl la+. 11  Ban nou pen nou bezwen pou jounen an+. 12  Padone peche* nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou*+. 13  E pa kite* nou tonbe anba tantasyon+, men delivre nou* anba Mechan an+.’ 14  “Paske, si nou padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou+. 15  Men, si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche+. 16  “Lè n ap fè jèn*+, sispann fè figi nou tris menm jan ak ipokrit yo, paske yo neglije kò yo pou moun ka wè y ap fè jèn+. Anverite m ap di nou sa: Yo deja gen tout rekonpans yo. 17  Men ou menm, lè w ap fè jèn, pase luil nan tèt ou, lave figi w, 18  dekwa pou se pa lèzòm ki wè w ap fè jèn, men pou se Papa w moun pa ka wè a sèlman ki wè sa. Lè sa a, Papa w ki wè sa k fèt an sekrè ap rekonpanse w. 19  “Sispann anpile trezò sou tè a+, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo. 20  Okontrè, anpile trezò nan syèl la+, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo+, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè yo. 21  Paske, kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou. 22  “Se je ki lanp kò a+. Konsa, si je w fikse sou yon sèl bagay*, tout kò w ap klere*. 23  Men, si je w ap gade toupatou e li chaje ak tanta*+, tout kò w ap nan fènwa. Si limyè ki nan ou a se fènwa l ye toutbonvre, fènwa sa a pa manke pa pwès! 24  “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la+, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan+. 25  “Se poutèt sa, men sa m di nou: Sispann bay tèt* nou pwoblèm+ pou vi* nou pou n ap mande ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, oubyen pou kò nou pou n ap mande ki sa n ap met sou nou+. Èske moun* pa gen plis enpòtans pase manje ak rad+? 26  Gade zwazo nan syèl la byen+. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase yo? 27  Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota* sou longè lavi l+? 28  Epitou, poukisa n ap bay tèt nou pwoblèm pou rad? Gade flè ki nan savann yo, jan y ap pouse. Yo pa ni travay di, ni koud rad. 29  Poutan, m ap di nou sa: Menm Salomon+, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo. 30  Ebyen, si Bondye abiye plant ki nan savann ki la jodi a e demen yo pral lage yo nan fou, nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a? 31  Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm+ pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’, ‘Ki sa n ap bwè?’ oswa: ‘Ki sa n ap met sou nou+?’ 32  Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 33  “Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou+. 34  Se sa k fè, pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen+, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.

Nòt anba paj

Oswa: “bay moun ki pòv”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “se pou yo rekonèt non w sakre; se pou yo respekte non w antanke yon non ki sen”.
Lit.: “dèt”.
Lit.: “moun ki dwe nou”.
Lit.: “pa fè”.
Oswa: “men sove nou”.
Oswa: “si je w wè klè”. Lit.: “si je w senp”.
Oswa: “ap plen limyè”.
Lit.: “si je w pa bon; si je w mechan”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “pou nanm”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “koude”. Gade Apendis B14.