Matye 7​:​1-29

  • DISKOU SOU MÒN NAN (1-27)

    • Sispann jije (1-6)

    • Kontinye mande, kontinye chèche e kontinye frape (7-11)

    • Règ annò a (12)

    • Pòt ki jis la (13, 14)

    • Aksyon yo ap fè moun rekonèt yo (15-23)

    • Kay ki sou wòch karyann ak kay ki sou sab (24-27)

  • Foul moun yo ret bouch ouvè devan fason Jezi anseye (28, 29)

7  “Sispann jije+ pou yo pa jije nou.  Paske, jan nou jije a, se konsa y ap jije nou+. E se ak mezi nou mezire a y ap mezire pou nou+.  Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa wè gwo bout bwa* ou gen nan je w la+?  Oubyen, kòman w ka fè di frè w la: ‘Kite m retire pay ki nan je w la’, alòske ou gen yon gwo bout bwa nan je pa w?  Ipokrit! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.  “Pa bay chen bagay ki sakre, e pa lage grenn pèl nou devan kochon+, dekwa pou yo pa pilonnen yo anba pye e pou yo pa vire vin dechire nou.  “Kontinye mande, e y ap ban nou+. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou+.  Paske tout moun ki mande ap resevwa+, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo.  Vrèmanvre, kiyès nan nou la a, si pitit li mande l yon pen, k ap lonje yon wòch ba li? 10  Oswa si l mande l yon pwason, k ap lonje yon sèpan ba li? 11  Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè*, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay+ si yo mande l+! 12  “Se sa k fè, tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo+. An reyalite, se ansèyman sa a ki nan Lalwa ak nan pawòl pwofèt yo te ekri yo*+. 13  “Pase nan pòt ki jis la+. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. 14  Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li+. 15  “Fè atansyon ak fo pwofèt yo+ k ap vin sou nou ak po mouton sou yo+, tandiske se lou voras yo ye pa anndan+. 16  Se aksyon* yo k ap fè nou rekonèt yo. Moun pa janm rekòlte rezen sou pye pikan, ni fig frans sou pye chadwon, pa vre+? 17  Menm jan an tou, tout bon pyebwa bay bon fwi, men tout pyebwa ki pa bon bay fwi ki san valè+. 18  Yon bon pyebwa pa ka donnen fwi ki san valè. Konsa tou, yon pyebwa ki pa bon pa ka bay bon fwi+. 19  Tout pyebwa ki pa bay bon fwi, y ap koupe yo e y ap jete yo nan dife+. 20  Vrèmanvre, se aksyon mesye sa yo k ap fè nou rekonèt yo+. 21  “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l+. 22  Jou sa a, anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè+, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil mirak*+?’ 23  Men, lè sa a, m ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap vyole lalwa+.’ 24  “Se sa k fè, yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki obeyi yo ap sanble ak yon moun ki prevwayan ki bati kay li sou wòch karyann+. 25  Epi, lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs, men li pa tonbe, paske li te bati sou wòch karyann. 26  Yon lòt bò, yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki pa obeyi yo ap sanble ak yon moun sòt ki bati kay li sou sab+. 27  Epi, lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs+, li tonbe, e li kraze nèt.” 28  Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo rete bouch ouvè devan fason l anseye+. 29  Paske, li pa t anseye yo jan espè nan Lalwa yo te konn anseye, men li te anseye yo antanke moun ki gen otorite+.

Nòt anba paj

Lit.: “travès”.
Lit.: “mechan”.
Ekspresyon “nan Lalwa ak nan pawòl pwofèt yo te ekri yo” fè referans ak tout Liv ki te ekri ann ebre yo.
Mo grèk la vle di “fwi”, men, nan sans senbolik, li vle di “aksyon”.
Lit.: “anpil aksyon ki pisan”.