Matye 12​:​1-50

  • Jezi se “Seyè saba a” (1-8)

  • Jezi geri yon mesye ki gen men l pòk (9-14)

  • Sèvitè Bondye renmen an (15-21)

  • Se grasa lespri sen Jezi chase demon (22-30)

  • Peche ki pa gen padon (31, 32)

  • Yo rekonèt yon pyebwa grasa fwi li bay (33-37)

  • Siy Jonas la (38-42)

  • Lè movèzespri a retounen (43-45)

  • Manman Jezi ak frè Jezi yo (46-50)

12  Nan epòk sa a, Jezi t ap pase nan mitan kèk jaden ble yon jou saba. Disip li yo te grangou e yo kòmanse kase kèk grap ble pou yo manje+.  Lè Farizyen yo wè sa, yo di l: “Apa disip ou yo ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba a+!”  Li di yo: “Èske nou pa li ki sa David te fè lè li menm ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou+,  jan li te antre nan kay Bondye a e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo+, yon bagay ni li menm ni moun ki te avè l yo pa t gen dwa manje, alòske se prèt yo sèlman ki gen dwa manje yo+?  Oswa, èske nou pa li nan Lalwa, nan jou saba a, prèt yo fè sèvis nan tanp lan, epoutan yo pa koupab poutèt sa+?  Ebyen, m ap di nou sa: Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase tanp lan+.  Men, si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle+, se pa sakrifis+’, nou pa t ap kondane moun ki inosan.  Paske, Pitit lòm nan se Seyè saba a+.”  Lè l fin kite kote l te ye a, li antre nan yon sinagòg. 10  Twouve, gen yon mesye ki gen yon men pòk* ki te la+. Epi, yo mande Jezi: “Èske yon moun gen dwa geri yon moun jou saba a?” Yo te mande l sa pou yo te ka akize l+. 11  Li di yo: “Kiyès pami nou la a, si l ta gen yon mouton ki tonbe nan yon twou yon jou saba, ki pa ta pral rale l met deyò+? 12  Èske yon moun pa gen plis valè lontan pase yon mouton? Donk, moun gen dwa fè yon bon aksyon jou saba a.” 13  Apre sa, li di mesye a: “Lonje men w.” Mesye a lonje men l, e men an vin bon menm jan ak lòt la. 14  Epi, Farizyen yo soti deyò, y al fè konplo pou yo touye l. 15  Lè Jezi aprann sa, li deplase kite zòn nan. Gen anpil moun ki suiv li+, e li geri tout moun ki te malad yo. 16  Men, li pase yo lòd byen klè pou yo pa fè moun konnen kiyès li ye+, 17  dekwa pou pawòl pwofèt Ezayi te di a ka reyalize. Men sa l te di: 18  “Gade! Men sèvitè m nan+, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen an, moun mwen* pran plezi nan li a+! M ap mete lespri m sou li+, e l ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis la. 19  Li pap nan diskisyon+, ni nan rele fò. Pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo. 20  Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an+, jiskaske li fè jistis pot laviktwa. 21  Wi, nasyon yo ap met espwa yo nan non l+.” 22  Apre sa, yo mennen yon mesye ki gen demon sou li bay Jezi. Mesye a te avèg e li te bèbè. Jezi chase demon an, li geri mesye a. Konsa, mesye a vin pale e li vin wè. 23  Lè foul moun yo wè sa, yo sezi, e yo di: “Ou kwè se pa ta li menm ki Pitit David la?” 24  Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Mesye sa a pa t ap janm ka chase demon si se pa t grasa Beyèlzeboub*, chèf demon yo+.” 25  Kòm Jezi te konnen sa k nan panse yo, li di yo: “Yon wayòm kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze, e yon vil oswa yon kay kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze. 26  Menm jan an tou, si Satan ap chase Satan, li vin ap goumen ak pwòp tèt li. Ebyen, ki jan wayòm li an ap fè ret kanpe? 27  Yon lòt bò, si se grasa Beyèlzeboub mwen chase demon, grasa kiyès disip nou yo chase yo? Se sa k fè se yo menm ankò k ap jije nou. 28  Men, si se grasa lespri Bondye m ap chase demon, Wayòm Bondye a rive sou nou toutbon+. 29  Oubyen ki jan yon moun ap fè antre nan kay yon gason vanyan pou l pran bagay misye gen nan kay la si l pa mare gason vanyan an anvan? Se lè l fin fè sa, l ap ka piye kay la. 30  Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen, e nenpòt moun ki pap ede m rasanble moun, se gaye l ap gaye yo+. 31  “Se sa k fè, m ap di nou sa, Bondye ap padone lèzòm pou tout kalite peche yo fè ak tout kalite move pawòl yo di, men li pap padone yo pou move pawòl yo di sou lespri a+. 32  Pa egzanp, kèlkeswa moun ki di yon pawòl kont Pitit lòm nan, Bondye ap padone l+. Men, kèlkeswa moun ki pale kont lespri sen, Bondye pap padone l, non, ni nan sistèm sa a*, ni nan sistèm ki gen pou vini an+. 33  “Si nou se yon bon pyebwa, n ap bay bon fwi. Men, si nou se yon move pyebwa, n ap bay move fwi. Paske, se fwi yon pyebwa bay ki fè yo konn si l bon ak si l pa bon+. 34  Ras vipè+, kòman nou ta fè di bon bagay, piske nou mechan? Paske, pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l+. 35  Yon bon moun ap retire bon bagay nan bon bagay li gen sere, men moun ki mechan an ap retire sa k pa bon nan vye bagay li gen sere+. 36  Men sa m ap di nou: Tout pawòl ki pa itil moun di, y ap gen pou yo rann kont pou li+ nan Jou Jijman an. 37  Paske, se pawòl ou di k ap fè swa yo deklare w jis swa yo kondane w.” 38  Apre sa, kèk espè nan Lalwa ak kèk Farizyen di l konsa: “Anseyan, nou ta renmen w ban nou yon siy+.” 39  Li reponn yo: “Nou se yon jenerasyon ki mechan e ki pa fidèl ak Bondye*. Nou kontinye ap chèche yon siy, men sèl siy y ap ban nou se siy pwofèt Jonas la+. 40  Paske, menm jan Jonas te fè twa jou twa nuit nan vant gwo pwason an+, se konsa tou Pitit lòm nan ap fè twa jou twa nuit nan vant tè a+. 41  Moun Niniv yo ap leve lè jijman an ansanm ak jenerasyon sa a e y ap kondane l, paske lè Jonas te preche yo a, yo te repanti+. Men, gade! Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Jonas+. 42  Rèn ki te soti nan sid la ap leve lè jijman an ansanm ak jenerasyon sa a e l ap kondane l, paske li te soti nan dènye bout tè a pou l vin tande pawòl sajès Salomon t ap di yo+. Men, gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon+. 43  “Lè yon movèzespri soti sou yon moun, li pase nan yon seri zòn ki sèch, l ap chèche yon kote pou l rete, men li pa jwenn+. 44  Epi, li di: ‘M ap tounen lakay mwen kote m te soti a.’ Lè l rive, li jwenn kote a vid, men yo byen bale l, yo byen dekore l. 45  Lè sa a, l al chèche sèt espri ki pi mechan pase l met avè l, e lè yo fin antre nan moun nan, yo abite la. E moun sa a vin nan yon eta ki pi mal lontan pase jan l te ye anvan an+. Se konsa sa ap ye tou pou jenerasyon mechan sa a.” 46  Pandan li te kontinye ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo+ vin kanpe deyò a, yo te bezwen pale avè l+. 47  Konsa, gen yon moun ki di l: “Gade! Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo bezwen pale avè w.” 48  Li reponn moun ki te pale avè l la, li di l: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m?” 49  Epi, li lonje men l sou disip li yo, li di: “Gade! Men manman m ak frè m+! 50  Paske, kèlkeswa moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m+.”

Nòt anba paj

Oswa: “ki paralize nan yon men”.
Oswa: “nanm mwen”.
Se yon non yo bay Satan.
Oswa: “nan tan sa a”. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “e ki nan adiltè”.