Matye 20​:​1-34

  • Travayè yo nan jaden rezen an resevwa menm kantite lajan (1-16)

  • Jezi anonse ankò li gen pou l mouri (17-19)

  • Yo mande pou yo gen gwo pozisyon nan Wayòm nan (20-28)

    • Jezi se yon ranson pou libere anpil moun (28)

  • Jezi geri de avèg (29-34)

20  “Paske, Wayòm syèl la sanble ak yon mèt kay ki soti granmmaten pou l al chèche moun vin travay nan yon jaden rezen li genyen+.  Lè l fin antann li ak travayè yo pou l peye yo yon denye* pou jounen an, li voye yo nan jaden rezen l lan.  Li soti ankò vè twazyèm èdtan* nan jounen an, li wè lòt moun kanpe sou plas piblik la*, yo pap fè anyen.  Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an, e m ap ban nou sa m dwe ban nou an.’  Konsa, yo ale nan jaden an. Li soti ankò vè sizyèm èdtan* ak vè nevyèm èdtan* nan jounen an, li fè menm bagay la.  Finalman, vè 11yèm èdtan* nan jounen an, li soti e li jwenn lòt moun ki kanpe, li di yo: ‘Poukisa nou kanpe la a tout jounen an san nou pap fè anyen?’  Yo reponn: ‘Se paske pèsonn pa ban nou travay.’ Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an.’  “Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di mesye ki responsab travayè yo: ‘Rele travayè yo, epi peye yo lajan yo+. Kòmanse sou moun ki te vin an dènye yo pou rive sou premye yo.’  Lè mesye yo te pran nan 11yèm èdtan yo parèt, yo chak resevwa yon denye*. 10  Se sa k fè, lè sa k te la an premye yo parèt, yo te panse yo t ap jwenn plis, men yo peye yo yon denye* tou. 11  Lè yo resevwa kòb la, yo tonbe plenyen bay mèt jaden an, 12  yo di: ‘Mesye sa yo ki vin an dènye travay inèdtan, epoutan, ou peye yo menm kantite lajan avèk nou, nou menm ki te fè tout jounen an ap travay di anba solèy cho a!’ 13  Men, mèt jaden an reponn youn ladan yo, li di l: ‘Zanmi, mwen pa fè w anyen ki pa sa. Ou te antann avè m pou yon denye*, se pa sa+? 14  Pran sa k pou ou a, epi ale. Se mwen ki vle bay moun sa a ki vin travay an dènye a menm kantite lajan avè w. 15  Èske m pa gen dwa fè sa m vle ak sa ki pou mwen? Oswa, èske poutèt mwen bon an*, sa fè w jalou*+?’ 16  Se konsa dènye yo ap premye, e premye yo ap dènye+.” 17  Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li pran 12 disip yo apa, e pandan l sou wout la, li di yo+: 18  “Gade! N ap monte Jerizalèm. Yo pral livre Pitit lòm nan bay prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo. Y ap kondane l amò+ 19  e y ap livre l bay moun ki nan nasyon yo pou yo pase l nan rizib, pou yo bat li ak kout fwèt e pou yo kloure l sou yon poto pou li mouri+, e sou twazyèm jou a Bondye ap leve l+.” 20  Epi, manman pitit Zebede yo+ pwoche kote l avèk pitit li yo, li pwostène devan l pou l mande l yon bagay+. 21  Jezi di l: “Ki sa w vle?” Li reponn li: “Bay lòd pou de pitit gason m yo chita bò kote w nan Wayòm ou an, youn adwat ou e lòt la agoch ou+.” 22  Jezi di: “Mesye, nou pa konn sa n ap mande a. Èske nou ka bwè sa m pral bwè a+?” Yo di l: “Nou kapab.” 23  Li di yo: “Se vre, n ap bwè l+, men kanta pou nou chita adwat mwen oswa agoch mwen, se pa mwen menm ki gen pou bay sa. Men, plas sa yo se pou moun Papa m te prepare yo yo ye+.” 24  Lè dis lòt disip yo tande sa, yo vin fache kont de frè yo+. 25  Men, Jezi rele yo vin jwenn li, li di yo: “Nou konnen chèf nan nasyon yo ap domine sou moun yo e gwo zotobre yo ap dirije moun yo ak gwo ponyèt+. 26  Sa pa dwe fèt konsa nan mitan nou+. Men, nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou+, 27  e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe vin esklav nou+. 28  Se menm jan an tou, Pitit lòm nan pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun+ e pou l bay lavi l* kòm ranson* pou libere anpil moun+.” 29  Pandan yo t ap kite Jeriko, yon gwo foul moun suiv li. 30  Epi, gen de avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande se Jezi k ap pase, yo rele: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou+!” 31  Men, foul la pale byen di avèk yo, yo di yo pe bouch yo. Malgre sa, yo rele pi fò: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!” 32  Lè sa a, Jezi kanpe, li rele yo e li di: “Ki sa nou vle m fè pou nou?” 33  Yo di l: “Seyè, tanpri, fè nou wè.” 34  Jezi pran pitye pou yo, li manyen je yo+, e menm kote a yo vin wè, e yo suiv li.

Nòt anba paj

Vè nevè dimaten.
Oswa: “kanpe nan mache a”.
Vè midi.
Vè twazè nan aprèmidi.
Vè senkè nan aprèmidi.
Oswa: “poutèt mwen donan an”.
Lit.: “sa fè je w mechan”.
Oswa: “nanm li”.