Al gade sa k anndan l

Kiyès Jewova ye?

Kiyès Jewova ye?

Repons Bib la bay

 Jewova se vrè Dye Labib pale de li a, se li ki Kreyatè tout bagay (Revelasyon 4:11). Pwofèt Abraram ak Pwofèt Moyiz te konn adore l, e se menm bagay la Jezi te konn fè tou (Jenèz 24:27; Egzòd 15:1, 2; Jan 20:17). Li pa Bondye yon nasyon sèlman, men li se Bondye “sou tout tè a”. — Sòm 47:2.

 Jan Labib montre sa, Bondye gen yon sèl non, se Jewova (Egzòd 3:15; Sòm 83:18). Non sa a soti nan yon vèb ann ebre ki vle di: “Vin tounen”, e gen anpil espesyalis ki panse non sa a vle di: “Li fè vin tounen.” Definisyon sa a tonbe daplon ak wòl Jewova jwe antanke Kreyatè a e antanke Moun k ap akonpli objektif li (Ezayi 55:10, 11). Labib ede nou dekouvri Moun ki pote non Jewova a e li ede nou konnen tou kalite ki pi enpòtan li gen lakay li a ki se lanmou. — Egzòd 34:5-7; Lik 6:35; 1 Jan 4:8.

 Non Jewova a se fason yo tradui non Bondye an kreyòl soti nan lang ebre a: kat lèt ebre yo se יהוה (YHWH). Yo rele yo Tetragram tou. Yo pa konnen fason egzak yo te konn pwononse non Bondye nan lang ebre tan lontan an. Men, se non “Jewova” yo plis konn itilize nan anpil lang, ann anglè, li te parèt pou premye fwa nan tradiksyon Labib William Tyndale te fè nan ane 1530. a

Poukisa yo pa konnen fason yo te konn pwononse non Bondye nan lang ebre tan lontan an?

 Yo pa t konn itilize vwayèl, se konsòn sèlman yo te konn itilize. Moun ki te konn pale ebre yo te ka fasilman mete vwayèl yo bezwen yo. Sepandan, apre yo te fin fè Liv ki te ekri ann ebre yo (“Ansyen Testaman”), kèk Juif te vin adopte yon kwayans ki makònen ak sipèstisyon ki fè kwè se yon bagay ki pa bon pou moun site non pèsonèl Bondye. Lè y ap li awotvwa yon pasaj nan Ekriti yo ki gen non Bondye, yo ranplase l pa yon seri tit tankou: “Seyè” oubyen “Bondye”. Tank tan t ap pase, sipèstisyon sa a te vin gaye, epi finalman, yo te vin pèdi fason yo te konn pwononse non Bondye a. b

 Gen moun ki panse yo te konn pwononse non Bondye “Yawe”, men gen lòt moun ki panse yo te ka pwononse l lòt fason. Gen yon woulo yo te jwenn nan Lanmè Mòt ki gen yon pati nan liv Levitik la nan lang grèk kote yo tradui non an konsa: Yawo. E gen kèk ekriven grèk lontan ki te sijere pwononse l: Yaye, Yabe ak Yaouwe, men yo pa ka pwouve fason sa yo koresponn ak jan yo te konn pwononse non sa a nan lang ebre tan lontan an. c

Sa moun yo konn di ki pa verite sou non Bondye ki nan Bib la

 Sa ki pa verite: Tradiksyon Labib ki sèvi ak non “Jewova” yo se yo menm ki mete non sa a.

 Sa ki verite: Mo ebre, ki non Bondye a, ki te parèt sou fòm Tetragram nan, te parèt anviwon 7 000 fwa nan Bib la. d Anpil tradiksyon Labib jis retire non Bondye, epi yo ranplase l ak yon tit tankou “Seyè”.

 Sa ki pa verite: Bondye Toupisan an pa bezwen gen yon non pèsonèl.

 Sa ki verite: Se Bondye li menm ki te enspire moun ki te ekri Bib la pou yo sèvi ak non l plizyè milye fwa, e li mande moun k ap adore l yo pou yo sèvi ak non sa a (Ezayi 42:8; Jowèl 2:32; Malachi 3:16; Women 10:13). Alaverite, Bondye te menm kondane yon seri fo pwofèt ki t ap eseye fè moun bliye non l. — Jeremi 23:27.

 Sa ki pa verite: Dapre tradisyon Juif yo, yo ta dwe retire non Bondye nan Bib la.

 Sa ki verite: Se vre gen kèk skrib juif ki te refize pwononse non Bondye. Men, yo pa t retire l nan kopi Labib yo te genyen yo. Sa pou nou konnen, sèke Bondye pa vle nou suiv tradisyon lèzòm ki devye kite komandman l yo. — Matye 15:1-3.

 Sa ki pa verite: Yo pa ta dwe sèvi ak non Bondye nan Bib la paske yo pa konn ki fason egzak pou yo pwononse l ann ebre.

 Sa ki verite: Fason yo panse a vle fè konprann Bondye atann pou moun yo pwononse non l menm jan menmsi yo pale lang ki diferan. Sepandan, Labib montre adoratè Bondye nan tan lontan ki pa t pale menm lang yo pa t pwononse non pwòp yo menm jan.

 Pa egzanp, ann konsidere jij ann Izrayèl ki te rele Jozye a. Kretyen premye syèk ki te pale ebre te pwononse non l Yewochouwa, men sa ki pale grèk yo te konn di Yesous. Labib kenbe fason yo tradui non ebre Jozye a an grèk, sa montre kretyen yo te konn sèvi ak fòm ki pi kouran pou yo pwononse non pwòp yo nan lang pa yo. — Travay 7:45; Ebre 4:8.

 Menm prensip la ka aplike pou tradui non Bondye. Yon bagay ki pi enpòtan pase pwononse non Bondye yon fason egzak la, se bay non sa a plas li merite nan Bib la.

a Nan tradiksyon senk premye liv nan Bib la Tyndale te fè a, li te itilize fòm “Yewouwa” a. Tank tan t ap pase, lang anglè a t ap vin chanje, e fason yo ekri non Bondye a tou vin suiv fason yo ekri jodi a. Pa egzanp, an 1612, Henry Ainsworth te sèvi avèk fòm non “Yewova” lè l t ap tradui liv Sòm nan. Lè l te revize tradiksyon sa a nan ane 1639, li te itilize fòm “Jewova” a. Menm jan an tou, tradiktè Labib ki rele “American Standard Version” ki te pibliye nan ane 1901 te itilize fòm “Jewova” a kote non Bondye te parèt nan Liv ki te ekri ann ebre yo.

b Men sa yon gwo diksyonè di: “Yon ti tan apre egzil la, yo te vin gen gwo respè pou non Yawe a, epi yo vin pran abitid mete ADONAY oubyen ELOYIM nan plas li.” (New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 14, paj 883-884.)

c Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Apendis A4 ki gen tit: “Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo” nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

d Gade Theological Lexicon of the Old Testament, volim 2, paj 523-524.