Sòm 145​:​1-21

  • Fè louwanj pou Bondye, gran Wa a

    • ‘M ap fè konnen jan Bondye estrawòdinè’ (6)

    • “Jewova bon ak tout moun” (9)

    • “Moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou” (10)

    • Wayòm Bondye a la pou toutan (13)

    • Bondye ouvri men l pou l bay sa l kreye yo sa yo bezwen (16)

Yon chante louwanj David te ekri. א [Alèf] 145  M ap ba w glwa, o Bondye m nan, Wa mwen+,M ap louwe non w pou tout tan gen tan+. ב [Bèt]   Se tout lajounen m ap fè louwanj pou ou+.M ap louwe non w pou tout tan gen tan+. ג [Gimèl]   Jewova gran e li merite pou yo fè louwanj pou li+.Pèsonn pa ka konnen nan ki pwen li gran+. ד [Dalèt]   Yon jenerasyon apre yon lòt ap fè elòj pou sa w fè,Yo va rakonte gwo aksyon w fè yo+, ה [He]   Yo va pale de glwa w ak pouvwa w ki estrawòdinè+.Mwen menm, m ap medite sou gwo aksyon w fè yo. ו [Waw]   Yo va pale de aksyon w fè* ki fè moun gen respè pou ou.Bò kote pa m, m ap fè konnen jan w estrawòdinè. ז [Zayin]   Yo va pale de ou lè yo sonje nan ki pwen ou bon+,Yo va rele byen fò ak kè kontan akoz ou jis+. ח [Hèt]   Jewova gen konpasyon* ak mizèrikòd+.Li pa fè kòlè fasil, li gen anpil lanmou ki fidèl+. ט [Tèt]   Jewova bon ak tout moun+,Mizèrikòd li parèt nan tout sa l fè. י [Yòd] 10  Tout sa w fè ap ba w glwa, o Jewova+,E moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou+. כ [Kaf] 11  Y ap pwoklame glwa wayòm ou an genyen+,Y ap pale konsènan pisans ou+, ל [Lamèd] 12  Y ap fè konnen gwo aksyon w fè yo+Ak jan wayòm ou an gen glwa+. מ [Mèm] 13  Wayòm ou an se yon Wayòm ki la pou toutan,W ap kontinye dirije jenerasyon apre jenerasyon+. ס [Samèk] 14  Jewova ede tout moun ki prèt pou tonbe+E li leve tout moun ki koube byen ba+. ע [Ayin] 15  Se ou menm tout moun ap gade avèk espwa.Ou ba yo manje nan bon moman+. פ [Pe] 16  Ou ouvri men wE w bay tout sa k vivan sa yo bezwen+. צ [Tsade] 17  Jewova toujou fè sa ki jis+E li fidèl nan tout sa l fè+. ק [Kòf] 18  Jewova toupre tout moun ki rele l+,Li toupre tout moun ki rele l avèk senserite+. ר [Rèch] 19  Li bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle+,Li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo+. ש [Chin] 20  Jewova pwoteje tout moun ki renmen l+,Men l ap detwi tout mechan yo+. ת [Taw] 21  M ap fè louwanj pou Jewova ak bouch mwen+.Se pou tout kreyati vivan* louwe non l ki sen pou tout tan gen tan+.

Nòt anba paj

Oswa: “pale de pouvwa w”.
Oswa: “kè sansib”.
Lit.: “tout chè”.