Sòm 97​:​1-12

  • Jewova gen plis pouvwa pase lòt dye yo

    • “Jewova vin Wa!” (1)

    • Renmen Jewova, rayi sa ki mal (10)

    • Limyè ki klere pou moun ki jis yo (11)

97  Jewova vin Wa+!Se pou tè a kontan+.Se pou zile yo rejwi+.   Nyaj ak fènwa pwès antoure l+E twòn li an chita sou ladwati ak jistis+.   Gen yon dife k ap mache devan l+,Li boule advèsè l yo toupatou+.   Kout zèklè l yo klere tè a.Tè a wè sa e li pran tranble+.   Mòn yo fonn tankou lasi devan Jewova+,Yo fonn devan Seyè ki mèt tout tè a.   Syèl la fè konnen jistis BondyeE tout pèp yo wè glwa li+.   Se pou tout moun k ap sèvi zidòl yo wont+,Moun k ap fè lwanj pou dye san valè y ap sèvi yo+.Nou menm dye yo, se pou nou pwostène devan L*+.   Siyon tande sa e li kontan+.Vil* Jida yo kontanAkoz desizyon w yo, o Jewova+.   Paske, o Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.Ou gen plis pouvwa pase tout lòt dye yo+. 10  Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal+.Li pwoteje lavi* moun ki fidèl ak li yo+,Li sove yo anba men* mechan yo+. 11  Gen yon limyè ki klere pou moun ki jis yo+,Moun ki dwat yo ap rejwi. 12  Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou,Se pou nou fè louwanj pou non l ki sen.

Nòt anba paj

Oswa: “se pou nou adore L”.
Lit.: “Pitit fi”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “pouvwa”.