Sòm 2​:​1-12

  • Jewova ak sila a li chwazi a

    • Jewova ri nasyon yo (4)

    • Jewova mete wa l la sou pouvwa (6)

    • Onore pitit gason an (12)

 2  Poukisa nasyon yo ap bat kò yo konsa a?E poukisa pèp yo ap pale tou ba* sou yon bagay ki pa gen valè+?   Wa latè yo pran pozisyon yoE gwo potanta yo rasanble*, yo fè yon sèl+Kont Jewova e kont sila a li chwazi a*+.   Men sa yo di: “Annou kase chenn yo itilize pou mare nou yoE annou wete kòd yo met sou nou yo!”   Sila a ki chita sou twòn li nan syèl la pral ri.Jewova pral pase yo nan rizib.   Lè sa a, l ap pale avèk yo tou an kòlèE l ap fè yo pè tèlman l ap an kòlè.   L ap di yo: “Se mwen menm ki mete wa m nan+Sou Siyon+, mòn mwen an ki sakre.”   Kite m fè konnen sa Jewova di*.Li di m: “Ou se pitit gason m+.Jodi a, mwen vin papa w+.   Mande m sa, e m ap ba w nasyon yo kòm eritaj pa w,M ap ba w tout tè a kòm byen pa w+.   W ap kraze yo ak yon baton fè+,W ap kraze yo kòmsi se te veso ki fèt ann ajil+.” 10  Kounye a, nou menm wa, montre nou gen bon konprann.Aksepte yo korije nou*, nou menm jij ki sou tè a. 11  Se pou nou sèvi Jewova avèk krent,Se pou nou gen kè kontan toutpandan nou gen lakrentif pou li. 12  Onore* pitit gason an+! Si nou pa fè sa, Bondye ap* fache,E n ap peri+.Paske, li ka vin an kòlè byen vit.Byennere moun ki pran refij nan li.

Nòt anba paj

Oswa: “ap medite”.
Oswa: “yo chèche konsèy youn nan men lòt”.
Oswa: “kont Kris li a”.
Lit.: “dekrè Jewova a”.
Oswa: “Koute avètisman”.
Lit.: “Bo”.
Lit.: “l ap”.