Travay 1​:​1-26

  • Pou Teyofil (1-5)

  • N ap sèvi m temwen rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a (6-8)

  • Jezi monte nan syèl (9-11)

  • Disip yo te reyini e yo te met tèt yo ansanm (12-14)

  • Yo chwazi Matyas pou ranplase Jida (15-26)

1  O Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte w tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye, depi nan kòmansman+,  rive jis jou li monte nan syèl la+. Anvan sa, li te bay apot li te chwazi yo enstriksyon grasa lespri sen+.  Apre l te fin soufri jis li mouri, li te ba yo yon pakèt prèv klè pou l montre yo li vivan+. Yo te wè l pandan 40 jou, e li te pale ak yo konsènan Wayòm Bondye a+.  Pandan l te reyini ansanm avèk yo, men lòd li te ba yo: “Pa kite Jerizalèm+. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la+, sa mwen te di nou an.  Paske, Jan te batize moun nan dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, y ap batize nou ak lespri sen+.”  Konsa, pandan yo te reyini, yo mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò+?”  Li di yo: “Nou pa gen pou nou konnen tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l+.  Men, nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou+, e nou pral sèvi m temwen+ nan Jerizalèm+, nan tout Jide ak nan Samari+, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a+.”  Lè l fin di pawòl sa yo, pandan y ap gade l, li monte nan syèl la, e vin gen yon nyaj ki bare l, yo pa wè l ankò+. 10  Kòm yo t ap fikse syèl la pandan l t ap monte a, gen de mesye ak rad blan+ ki vin kanpe bò kote yo, 11  epi yo di: “Nou menm, moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.” 12  Apre sa, yo kite mòn ki rele Mòn Oliv la, yo tounen Jerizalèm+ ki toupre l, nan distans yon moun gen dwa vwayaje nan jou saba*. 13  Lè yo rive, yo monte nan chanmòt kote yo te rete a. Moun ki te la yo se te Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak ki pitit Alfe a, Simon yo te konn rele moun ki zele a, ak Jida ki pitit Jak la+. 14  Yo tout te met tèt ansanm, yo t ap pèsevere nan lapriyè. Te gen kèk medam avèk yo+, tankou Mari, manman Jezi, e te gen frè Jezi yo ki te la tou+. 15  Nan jou sa yo, pandan te gen anviwon 120 moun ki te reyini, Pyè leve kanpe nan mitan frè yo, li di: 16  “Frè m yo, lespri sen te gentan anonse yon pawòl nan Ekriti yo pa mwayen David konsènan Jida+, li menm ki te vin yon gid pou moun ki te arete Jezi yo+. Fòk pawòl sa a te reyalize. 17  Paske, li te nan mitan nou+ e li te gen sèvis pa l pou l akonpli menm jan avèk nou. 18  (Jida sa a te achte yon tè ak lajan yo te ba l pou move zak li te fè a+, e li sot tonbe tèt anba, vant li eklate e trip li gaye+. 19  Tout moun nan Jerizalèm te vin konn sa. Se sa k fè, nan lang pa yo, yo rele tè sa a: Akèldama, ki vle di: “Tè San an.”) 20  Paske, men sa ki ekri nan liv Sòm nan: ‘Se pou kote l abite a vin vid, e se pou pèsonn pa abite ladan l ankò+.’ E men sa ki ekri ankò: ‘Se pou yon lòt moun pran travay li te genyen kòm siveyan an+.’ 21  Se poutèt sa, li nesesè pou yo ranplase l ak youn nan mesye ki te konn akonpaye nou pandan tout tan Seyè Jezi t ap fè travay li* nan mitan nou an, 22  depi lè Jan te batize l+ pou jis jou li te monte nan syèl la+. Moun sa a dwe vin temwen rezirèksyon l ansanm avèk nou+.” 23  Se konsa, yo prezante de moun: Jozèf ki te rele Basabas, yo te rele l Jistis tou, ak Matyas. 24  Epi, yo priye, yo di: “O Jewova, ou menm ki konn kè tout moun+, montre nou kiyès nan de mesye sa yo ou chwazi 25  pou fè sèvis sa a e pou vin apot nan plas Jida te abandone pou l al nan plas li a+.” 26  Donk, yo fè tiraj osò pou mesye yo+, e se sou Matyas li tonbe. Epi, yo vin mete l ansanm ak 11 apot yo.

Nòt anba paj

Anviwon 1 km.
Lit.: “t ap antre soti”.