Travay 20​:​1-38

  • Pòl nan Masedwàn ak Lagrès (1-6)

  • Pòl resisite Etich nan Twowas (7-12)

  • Yo sot Twowas pou y al Milè (13-16)

  • Pòl rankontre ak ansyen nan vil Efèz yo (17-38)

    • Li anseye kay an kay (20)

    • “Yon moun pi kontan lè l bay” (35)

20  Lè dezòd la sispann, Pòl fè rele disip yo, li ankouraje yo, li di yo orevwa, epi li pati l al Masedwàn.  Apre li fin pase nan tout zòn nan e li fin di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo, li rive nan peyi Lagrès.  Li pase twa mwa la. Men, etandone Juif yo t ap mare yon konplo sou do l+ pandan l t apral pran bato pou l al Siri, li fè lide pase pa Masedwàn lè l ap retounen.  Moun ki te akonpaye l yo se te Sopatè, pitit Piris, moun Bere, ansuit te gen Aristak+ ak Sekindis, moun Tesalonik, te gen Gayis, moun Dèbe, te gen Timote+, epi te gen Tichik+ ak Twofim+ ki te sot nan tèritwa Azi*.  Mesye sa yo ale devan nou, y al tann nou Twowas.  Men nou menm, nou pran bato nan vil Filip apre jou fèt Pen san ledven yo+, e nou rive kote yo Twowas sou senk jou. Nou pase sèt jou la.  Premye jou nan semèn nan, etan nou reyini ansanm pou nou manje, Pòl kòmanse pale avèk yo. Etandone li te gen pou l pati nan demen, li kontinye pale jiska minui.  Te gen yon bonkou lanp nan chanmòt kote nou te reyini an.  Pandan Pòl te kontinye ap pale, dòmi ale nèt ak yon jèn gason ki rele Etich ki te chita arebò yon fenèt. Epi, li tèlman ap dòmi, li sot nan dezyèm etaj la li tonbe anba, e lè y al ranmase l, yo jwenn li mouri. 10  Men, Pòl desann anba a, li panche kò l sou li e li pran l nan bra l+, li di moun yo: “Sispann rele, paske li vivan kounye a*+.” 11  Apre sa, Pòl monte anlè a, li kase yon pen e li kòmanse manje. Li pase anpil tan ap pale avèk yo ankò, jis li jou, finalman li pati. 12  Konsa, yo te retounen ak jèn gason an vivan, e yo te jwenn anpil konsolasyon. 13  Kounye a, Pòl ban nou enstriksyon pou nou pran devan pou n al nan yon bato k ap mennen nou Asòs, kote nou gen pou n pran l abò bato a, paske li menm, li te deside ale apye. 14  Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò bato a, epi n al Mitilèn. 15  Nan demen, nou fè vwal e nou rive anfas yon zile ki rele Kyòs. Men, apre yon jou, nou fè eskal Samòs, e nan jou apre a, nou rive Milè. 16  Pòl te deside pase devan Efèz+ pou l pa t pèdi tan nan tèritwa Azi a, paske li t ap prese pou l wè si l posib pou l ta Jerizalèm+ jou fèt Pannkòt la. 17  Sepandan, detan l Milè, li voye yon mesaj Efèz pou l mande ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l. 18  Lè yo rive kote l, li di yo: “Nou konnen byen ki fason m te viv nan mitan nou depi premye jou mwen te met pye m nan tèritwa Azi a+. 19  Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak bonjan imilite*+, avèk dlo nan je, e anba tout eprèv mwen te jwenn akoz konplo Juif yo te fè. 20  Anmenmtan, mwen pa t ezite anonse nou tout bagay ki te bon pou nou*, e mwen pa t ezite anseye nou ni an piblik+ ni kay an kay+. 21  Mwen te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè, mwen te fè yo konnen yo dwe repanti+, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi+. 22  Kounye a, gade! lespri a oblije m* al Jerizalèm, malgre mwen pa konn sa k pral rive m lòtbò a. 23  Sèl sa m konnen, sèke nan chak vil mwen pase, lespri sen pa sispann fè m konnen se prizon ak tribilasyon k ap tann mwen+. 24  Malgre sa, mwen pa bay lavi m* okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen+ ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a. 25  “Kounye a, gade! mwen konnen pa gen youn nan nou mwen te preche mesaj Wayòm nan k ap wè m ankò. 26  Se poutèt sa, jodi a menm, mwen pran nou sèvi m temwen, mwen pa responsab san pèsonn+, 27  paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout sa Bondye deside*+. 28  Veye sou tèt nou+, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a+, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a+, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a+. 29  Mwen konnen apre m fin ale, gen moun ki tankou lou mechan k ap antre nan mitan nou+, yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, 30  e gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo+. 31  “Kidonk, rete je klè, e pa bliye, pandan twazan+, lannuit kou lajounen, mwen pa t janm sispann konseye nou chak ak dlo nan je. 32  E kounye a, se pou nou jwenn pwoteksyon nan men Bondye ak nan mesaj konsènan favè san parèy li a, mesaj ki ka fòtifye nou e ki ka fè nou jwenn eritaj pa nou ansanm ak tout moun ki vin sen yo+. 33  Mwen pa t anvi ni ajan, ni lò, ni rad pèsonn+. 34  Nou menm, nou konnen se ak men sa yo mwen te travay dekwa pou ni mwen+, ni moun ki ansanm avè m yo ka jwenn sa nou bezwen. 35  Mwen te montre nou nan tout bagay se pou nou travay di+ menm jan an pou nou ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay+ pase lè l resevwa.’” 36  Lè Pòl fin di bagay sa yo, li met ajenou avèk yo tout, epi li priye. 37  Apre sa, yo tout pran kriye, yo pase bra yo nan kou l e yo anbrase l ak anpil afeksyon*, 38  paske yo te gen lapenn, sitou poutèt li te di yo yo pap wè l ankò+. Apre sa, yo kondui l al nan bato a.

Nòt anba paj

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.
Oswa: “paske nanm li nan li kounye a”.
Oswa: “ak lespri m tou ba”.
Oswa: “tout bagay pou byen nou”.
Lit.: “lespri a pouse m”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “tout objektif Bondye”.
Oswa: “ak tandrès”.