Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè si fanmi m pòv?

Ki sa m ka fè si fanmi m pòv?

CHAPIT 20

Ki sa m ka fè si fanmi m pòv?

Gregory, yon jèn k ap viv ann Ewòp delès, pa gen ase lajan pou l achte rad ak kèk aparèy elektwonik jèn ann Ewòp delwès yo genyen. Li tèlman pa kontan jan l ap viv, l ap prepare l pou l deplase al viv ann Ostrali. Èske w t ap di Gregory pòv?

□ Wi □ Non

Loyiso se yon jèn k ap viv nan yon distans plizyè milye kilomèt Ewòp delwès. L ap viv nan yon bouk nan sid Afrik, nan yon ti kay ansanm ak fanmi l. Loyiso ta renmen menm jan ak jèn k ap viv nan yon vil toupre l la e ki gen dlo ak kouran. Èske w t ap di Loyiso pòv?

□ Wi □ Non

LI KLÈ, sa yon moun konsidere ki pòv nan yon peyi se pa menm bagay la nan yon lòt. Pa egzanp, Gregory panse li pòv, men lè nou gade sitiyasyon Loyiso, nou ka di Gregory ap viv pi byen pase Loyiso. Nou ka rann nou kont kèlkeswa pòv yon moun ta pòv, petèt ka gen lòt moun ki pi pòv pase l. Men, lè w pa gen bon rad pou w al lekòl oswa ou manke kèk bagay enpòtan, tankou dlo, sa pap soulaje w lè w konnen gen moun ki pa menm gen sa w genyen yo.

Gen kèk jèn ki pòv ki santi yo pa vo anyen, yo enferyè parapò ak lòt moun, e pou yo ka bliye sitiyasyon yo, yo bwè alkòl oswa yo pran dwòg. Men, lè w fè mòd bagay sa yo pou w chape anba reyalite a, se pi mal sitiyasyon an ap vin pi mal. Moun ki bwè twòp alkòl ap rann yo kont alkòl “mòde tankou yon sèpan e li lage yon pwazon menm jan ak yon vipè”. (Pwovèb 23:32.) Maria se yon jèn fi k ap viv ann Afrik disid. Li soti nan yon fanmi pòv kote se yon sèl paran k ap pran swen fanmi an, li di: “Lè w eseye chape anba reyalite a, sa fè sitiyasyon an vin pi mal.”

Ou ka pa bwè alkòl oswa pran dwòg, men ou poko wè ki jan bagay yo ap amelyore pou ou. Ki sa k ka ede w? Bon konsèy ki nan Bib la tankou yon kle ki pèmèt ou libere tèt ou anba dezespwa, ki pèmèt ou wè bagay yo yon pi bon fason. Ann wè ki jan l ka ede w.

Reflechi sou sa w genyen

Yon bagay enpòtan pou w fè se konsantre w sou sa w genyen olye w konsantre w sou sa w pa genyen. Si w gen yon kote pou w rete ak yon fanmi ki renmen w sa gen plis valè pase lajan! Gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Pito yon moun manje yon plat fèy kote ki gen lanmou pase pou l manje yon towo bèf byen gra kote ki gen rayisman.” (Pwovèb 15:17). Jèn ki kretyen yo gen yon bagay enpòtan anplis lòt jèn yo, yo gen “tout frè [...] yo” ki la pou ede yo. — 1 Pyè 2:17.

Petèt ou ka eseye wè bagay materyèl yo yon pi bon fason. Ou ka ap viv nan yon ti kay, petèt menm se yon kay ki pa gen tout konfò modèn yo. Rad ou ka la lontan, yo ka ize oswa yo pyese. Epitou ou ka anvi manje lòt kalite manje. Men, èske se bèl kay oswa yon gwo kay k ap fè Bondye plezi? Èske se manje sofistike ou bezwen pou w ret an vi oswa pou w viv an sante? Nou pa kwè sa. Apot Pòl te aprann yon bèl leson anrapò ak sa. Te gen moman kote li te rich e gen moman kote li te pòv (Filipyen 4:12). Ki sa l te aprann? Li di: “Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.” — 1 Timote 6:8, Bib la.

Men sa Eldred, yon mesye ki moun Afrik disid e ki te grandi nan yon fanmi ki pa t gen anpil mwayen, di: “Nou te reziyen nou paske fanmi an pa t gen anpil kòb e nou pa t ka gen tout sa nou te vle.” Li sonje chak fwa pantalon lekòl li te chire, manman l te konn annik koud li. Li di: “Mwen te jwenn kèk fawouch, men sa k te pi enpòtan an sèke rad nou yo te pwòp e nou te ka mete yo.”

Chèche gen respè tèt ou

James gen 11 an e l ap viv Jowanèsbou, ann Afrik disid, ak manman l ak ti sè l kote yon pakèt moun pòv tabli kan yo alòske Leta pa ba yo dwa e y ap viv nan yon seri vye ti kay. Yo prèske pa posede anyen. Men, James gen kèk bagay ki gen valè, tankou tan l ak enèji l e li kontan sèvi avè yo pou l ede lòt moun. Chak wikenn l al travay kòm volontè sou chantye konstriksyon Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Nonsèlman travay sa a pèmèt li rete okipe pou l pa santi l raz, men tou sa fè l santi li reyalize yon bagay e sa fè l gen respè pou tèt li. Li di: “Apre m fin pase yon jounen sou yon chantye konstriksyon Sal Wayòm, mwen gen yon gwo santiman satisfaksyon!”

Yon lòt aktivite ki bay bon rezilta se travay predikasyon kay an kay la (Matye 24:14). Jèn ki Temwen Jewova yo patisipe regilyèman nan travay sa a. Lè yo patisipe nan travay sa a yo bay lòt moun espwa pou yo gen yon pi bon avni, e konsa, sa fè yo plis santi yo gen valè e yo gen plis respè pou tèt yo. Se vre yo pa peye yo pou yo fè travay sa a, men, sonje sa Jezi te di kretyen ki nan ansyen kongregasyon Esmin nan. Yo te pòv nan domèn materyèl, men kòm yo te gen yon gwo atachman pou Bondye, Jezi te di yo: “Mwen konnen tribilasyon w ap pase e mwen konnen w pòv. Men, ou rich.” E kòm aksyon yo te montre yo gen lafwa nan sakrifis Jezi a, yo t ap vin rich anpil piske yo t ap resevwa kouwòn lavi imòtèl la. — Revelasyon 2:9, 10.

Gad devan

Kit ou rich kit ou pòv, ou ka gen yon relasyon sere sere ak Jewova. Labib di: “Men sa ki fè moun rich la ak moun pòv la sanble: Se Jewova ki fè yo toule de.” (Pwovèb 22:2). Reyalite sa a ede plizyè santèn jèn Temwen Jewova fè fas ak sitiyasyon ekonomik difisil yo ladan l lan. Yo rann yo kont se pa bagay materyèl yon moun genyen ki fè l gen kè kontan, men se amitye l ak Jewova, li menm ki kontan fè zanmi ak tout moun ki vle sèvi l. Bondye bay espwa lavi nan yon monn tounèf kote pap gen okenn moun ki pòv ankò. — 2 Pyè 3:13; Revelasyon 21:3, 4.

Antretan, sèvi ak sa w genyen yo avèk sajès. Ou mèt gen espwa. Anpile trezò espirityèl (Matye 6:19-21). Konsidere povrete kòm yon sitiyasyon ou kapab fè fas avè l.

VÈSÈ KLE

“Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” — Lik 12:15.

MEN YON IDE

Evite jwèt aza, evite fimen epi bwè twòp bwason ki gen alkòl. Si gen moun nan fanmi w ki gen abitid sa yo, aji byen pou w ba yo egzanp.

ÈSKE W TE KONNEN?

Lè w aplike prensip ki nan Bib la, sa ka ede w gen kè kontan malgre sitiyasyon w. — Filipyen 4:12, 13; 1 Timote 6:8; Ebre 13:5.

SA M KONTE FÈ

Men sa m genyen ․․․․․

Men kòman m ap sèvi ak sa m genyen yo pou m ede lòt moun ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè tout moun pa wè kesyon pòv la menm jan?

● Sa k fè li pa bon pou w bwè alkòl, pran dwòg oswa lòt bagay pou w bliye pwoblèm ou?

● Ki bagay ou ka fè pou w rive fè fas ak sitiyasyon ekonomik ki difisil w ap rankontre?

[Antrefilè nan paj 168]

“Byenke mwen te santi mwen pa ka chape anba sitiyasyon difisil mwen te ye a, mwen te rann mwen kont se pa antre nan gang oswa vòlè ki t ap ede m. Jodi a, gen anpil nan moun ki nan menm laj avè m yo ki te fè bagay sa yo ki vin delenkan, ki esklav alkòl ak dwòg oswa ki nan prizon.” — George.

[Kare/Foto nan paj 164]

Fich aktivite

Èske m ta dwe al viv nan yon lòt peyi?

Gen kèk jèn ki vle al viv nan yon lòt peyi pou yo fè kòb pou pran swen tèt yo oswa pou yo ede fanmi yo. Gen lòt ki al viv nan yon lòt peyi pou yo aprann yon lòt lang, pou yo kontinye etid yo oswa pou yo chape anba pwoblèm yo gen lakay paran yo. Gen kèk jèn kretyen ki al viv nan yon lòt peyi paske yo bezwen plis pwoklamatè nan peyi kote y ale a. Desizyon pou al viv nan yon lòt peyi se yon gwo desizyon e ou pa dwe pran l alalejè. Se sa k fè, si w gen lide al viv nan yon lòt peyi, li vèsè ki pi ba yo epi medite sou yo. Poze tèt ou kesyon yo epi ekri repons ou yo. Apre sa priye anvan w pran yon desizyon.

□ Ki sa lalwa peyi kote m vle ale a mande? — Women 13:1.

□ Konbyen kòb sa ap koute antou pou m al viv nan yon lòt peyi? — Lik 14:28.

□ Ki sa m ap fè kounye a ki montre m ap kapab pran swen tèt mwen lè m rive nan lòt peyi a? — Pwovèb 13:4.

□ Ki konsèy moun ki gen matirite ki te viv nan lòt peyi ban mwen? — Pwovèb 1:5.

□ Ki sa paran m panse de sa? — Pwovèb 23:22.

□ Ki rezon m genyen ki fè m vle al viv nan yon lòt peyi? — Galat 6:7, 8.

□ Si m pral viv ak lòt moun, èske y ap ankouraje m kenbe bon abitid espirityèl mwen? — Pwovèb 13:20.

□ Ki danje nan domèn moral, fizik ak espirityèl mwen ka jwenn? — Pwovèb 5:3, 4; 27:12; 1 Timote 6:9, 10.

□ Yon fason ki reyalis, ki sa m ka atann m ap jwenn kòm byenfè lè m al viv nan yon lòt peyi? — Pwovèb 14:15.

[Foto nan paj 167]

Bon konsèy ki nan Bib la tankou yon kle ki pèmèt ou libere tèt ou anba dezespwa.