Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈZ

Asire yon avni etènèl pou fanmi w

Asire yon avni etènèl pou fanmi w

1. Ki objektif Jewova te genyen pou fanmi ?

LÈ JEWOVA te marye Adan ak Èv, Adan te eksprime jwa li lè li te pwononse pi ansyen powèm ebre ki egziste a (Jenèz 2:22, 23). Sepandan, Kreyatè a te gen plis bagay nan lide l pase annik fè pitit imen li yo plezi. Li te vle pou de moun marye yo ak fanmi yo fè volonte l. Li te di de premye moun yo : “ Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li, epi fè pwason nan lanmè ak kreyati k ap vole nan syèl ak tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a soumèt yo. ” ​(Jenèz 1:28). Ala yon kokenn misyon ki bay satisfaksyon sa te ye ! Se pa ti kontan Adan ak Èv ansanm ak pitit yo t apral fè yo t ap kontan si yo te fè volonte Jewova e si yo te obeyi l totalman !

2, 3. Kòman fanmi yo kapab jwenn pi gwo kè kontan jodi a ?

2 Jodi a tou, fanmi yo gen plis kè kontan lè yo kolabore ansanm pou yo fè volonte Bondye. Apot Pòl te ekri : “ Atachman pou Bondye itil pou tout bagay, piske li gen pwomès lavi kounye a ak sa ki pral vini an. ” ​(1 Timote 4:8). Yon fanmi ki viv ak atachman pou Bondye e ki suiv konsèy Jewova bay nan Bib la ap jwenn kè kontan nan “ lavi kounye a ”. (Sòm 1:1-3 ; 119:105 ; 2 Timote 3:16.) Menmsi se yon sèl moun nan fanmi an ki aplike prensip biblik yo, bagay yo mache pi byen pase lè pa gen pyès moun ki aplike yo.

3 Liv sa a egzamine anpil prensip biblik ki kontribye pou fè gen kè kontan nan yon fanmi. Petèt ou remake sa, gen kèk ladan yo ki parèt plizyè fwa toutolon liv la. Poukisa ? Paske yo reprezante verite pisan ki kontribye pou byen tout moun nan divès aspè nan lavi fanmi. Yon fanmi ki fè efò pou l aplike prensip biblik sa yo ap konstate reyèlman atachman pou Bondye “ gen pwomès lavi kounye a ”. Annou egzamine ankò kat nan prensip enpòtan sa yo.

ENPÒTANS METRIZ GENYEN

4. Poukisa metriz trèzenpòtan nan maryaj ?

Wa Salomon te di : “ Tankou yon vil yo anvayi, ki san miray, se konsa yon moun ki pa kontwole lespri l ye. ” ​(Pwovèb 25:28 ; 29:11). Li trèzenpòtan pou moun ki vle gen kè kontan nan maryaj yo “ kontwole lespri ” yo, e pou yo egzèse metriz. Si yo kite yon seri santiman ki lakòz destriksyon anvayi yo, tankou gwo kòlè oubyen tandans imoral, sa ap lakòz domaj ki pran dèzane pou yo repare, si toutfwa yo ka repare.

5. Kòman yon moun enpafè ka rive kiltive metriz e ki byenfè l ap jwenn ?

5 Natirèlman, pa gen okenn desandan Adan ki ka gen kontwòl total sou chè enpafè li genyen an (Women 7:21, 22). Sepandan, metriz se yon fwi lespri (Galat 5:22, 23). Se sa k fè, lespri Bondye ap pwodui metriz lakay nou si nou priye Bondye pou l ban nou kalite sa a, si nou aplike konsèy apwopriye nou jwenn nan Ekriti yo, e si nou frekante moun ki demontre kalite sa a epi nou evite moun ki pa kiltive l (Sòm 119:100, 101, 130 ; Pwovèb 13:20 ; 1 Pyè 4:7). Yon liy konduit konsa ap ede nou “ kouri pou fònikasyon ” menm lè nou devan tantasyon (1 Korentyen 6:18). N ap rejte vyolans e n ap evite alkolis oubyen n ap venk li. Anplis de sa, n ap sipòte pwovokasyon ansanm ak sitiyasyon difisil avèk plis kalm. Se pou nou tout, san wete timoun yo, kiltive fwi lespri sa a ki trèzenpòtan. — Sòm 119:1, 2.

YON PWENNVI KÒRÈK SOU OTORITE

6. a) Nan ki lòd Bondye etabli pou otorite a egzèse ? b) Ki sa yon gason dwe sonje si l vle egzèse otorite l yon fason pou l pote kè kontan pou fanmi l ?

6 Dezyèm prensip enpòtan an se yon bon konpreyansyon sou prensip otorite a. Pòl te dekri lòd kòrèk pou bagay yo fèt lè li te di : “ Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, e chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. ” ​(1 Korentyen 11:3). Sa vle di se gason an k ap dirije fanmi an, madanm li ap soutni l avèk fidelite e timoun yo ap obeyi paran yo (Efezyen 5:22-25, 28-33 ; 6:1-4). Toutfwa, remake sa, egzèse otorite mennen nan kè kontan sèlman lè sa fèt yon fason ki kòrèk. Mari ki viv ak atachman pou Bondye konnen otorite pa sinonim diktati. Yo imite Jezi, Chèf yo a. Malgre Jezi t apral “ chèf sou tout bagay ” li “ te vini, se pa pou yo sèvi l, men pou l sèvi ”. (Efezyen 1:22 ; Matye 20:28.) Menm jan an tou, yon mari kretyen egzèse otorite l, non pa pou pwofi pèsonèl li, men nan enterè madanm li ak pitit li. — 1 Korentyen 13:4, 5.

7. Ki prensip biblik k ap ede yon madanm ranpli wòl Bondye ba li nan fanmi an ?

7 Madanm ki viv ak atachman pou Bondye, bò kote pa l, pap fè konpetisyon ak mari l ni li pap chèche domine l. Li kontan pou l soutni mari l e pou l kowopere ak li. Pafwa Bib la pale de madanm nan kòm yon moun mari a “ posede ”, sa ki montre aklè mari a se chèf li (Jenèz 20:3). Maryaj la fè madanm nan vin anba “ lwa mari l ”. (Women 7:2.) Anmenmtan, Bib la rele madanm nan yon “ èd ” e yon “ konpleman ”. (Jenèz 2:20.) Li posede kalite ak kapasite mari l manke, e li bay mari l sipò li bezwen (Pwovèb 31:10-31). Bib la di tou yon madanm se yon “ konpay ”, yon moun k ap travay kòtakòt ak mari l (Malaki 2:14). Prensip biblik sa yo ka ede yon mari ak yon madanm konprann pozisyon youn parapò ak lòt e sa ka ede yo trete youn lòt avèk bonjan respè e ak bonjan diyite.

SE POU W ‘ PRESE POU W TANDE ’

8, 9. Esplike kèk prensip k ap ede tout moun nan yon fanmi amelyore kapasite yo pou yo kominike.

8 Nan liv sa a, yo souliye souvan nesesite pou gen kominikasyon. Poukisa ? Paske bagay yo mache pi byen lè moun yo pale youn ak lòt e youn vrèman koute lòt. Plizyè fwa yo ensiste sou sa : kominikasyon an dwe fèt nan de sans. Disip Jak te eksprime ide sa a konsa : “ Tout moun dwe prese pou yo tande, yo pa dwe prese pou yo pale. ” — Jak 1:19.

9 Li enpòtan tou pou nou veye sou fason n ap pale. Pawòl nou di san reflechi, ki mennen chirepit, oubyen ki twò kritik, pa favorize bonjan kominikasyon (Pwovèb 15:1 ; 21:9 ; 29:11, 20). Menm lè sa nou di a kòrèk, si nou di l yon fason ki di, avèk ògèy oubyen san konsiderasyon, l ap riske fè plis mal pase byen. Langaj nou dwe gen bon gou, li dwe “ sizonnen ak sèl ”. (Kolosyen 4:6.) Pawòl nou ta dwe tankou “ pòm annò nan eskilti ann ajan ”. (Pwovèb 25:11.) Fanmi ki aprann kominike byen fè yon gwo pa pou yo rive jwenn kè kontan.

LANMOU JWE YON WÒL TRÈZENPÒTAN

10. Ki kalite lanmou ki trèzenpòtan nan maryaj ?

10 Mo “ lanmou ” an parèt yon pakèt fwa toutolon liv sa a. Èske w sonje ak ki kalite lanmou yo sitou fè referans ? Se vre, lanmou santimantal la (grèk eros) jwe yon wòl enpòtan nan maryaj, e nan yon maryaj reyisi, mari ak madanm devlope yon afeksyon ak yon amitye (grèk philia) ki pwofon antre yo. Men, lanmou ki pi enpòtan an se lanmou ki koresponn ak mo grèk agapè a. Se lanmou sa a nou kiltive pou Jewova, pou Jezi ak pou pwochen nou (Matye 22:37-39). Se lanmou sa a tou Jewova temwaye anvè lèzòm (Jan 3:16). Ala bèl sa bèl dèske nou anmezi pou nou demontre menm kalite lanmou sa a pou konjwen nou ak pitit nou ! — 1 Jan 4:19.

11. Kòman lanmou kontribye pou pote byenfè nan yon maryaj ?

11 Nan maryaj la lanmou elve sa a se vrèman “ yon chenn pafè pou inyon ”. (Kolosyen 3:14.) Li atache de moun marye ansanm e li fè yo vle fè sa ki pi bon youn pou lòt e pou timoun yo. Lè fanmi yo rankontre sitiyasyon difisil, lanmou ede yo fè fas ak yo nan inite. Ofiramezi de moun marye yo ap pran laj, lanmou kontribye pou fè yo soutni youn lòt e pou fè yo kontinye apresye youn lòt. “ Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè pa li [...]. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi. ” — 1 Korentyen 13:4-8.

12. Poukisa lè de moun marye yo gen lanmou pou Bondye sa ranfòse maryaj yo ?

12 Maryaj la patikilyèman solid lè se pa jis lanmou de moun marye yo genyen youn pou lòt ki simante l, men sitou lanmou yo genyen pou Jewova (Eklezyas 4:9-12). Poukisa ? Ebyen, apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” ​(1 Jan 5:3). Konsa, de moun marye yo ta dwe enstwi pitit yo pou yo gen atachman pou Bondye, pa senpleman paske yo renmen pitit yo anpil, men paske sa se kòmandman Jewova bay (Detewonòm 6:6, 7). Yo dwe kouri pou imoralite nonsèlman paske yo gen lanmou youn pou lòt, men prensipalman paske yo renmen Jewova, li menm ki “ pral jije fònikatè ak moun k ap fè adiltè ”. (Ebre 13:4.) Menmsi youn nan konjwen yo lakòz gwo pwoblèm nan maryaj la, lanmou lòt la genyen pou Jewova ap pouse l kontinye suiv prensip biblik yo. Vrèmanvre, gen kè kontan nan fanmi kote se lanmou pou Jewova ki simante lanmou moun yo genyen youn pou lòt !

YON FANMI KI FÈ VOLONTE BONDYE

13. Kòman detèminasyon yon moun genyen pou l fè volonte Bondye ap ede l fikse je l sou bagay ki vrèman enpòtan yo ?

13 Tout lavi yon kretyen santre sou fè volonte Bondye (Sòm 143:10). Se sa atachman pou Bondye siyifi toutbonvre. Lefètke fanmi yo ap fè volonte Bondye sa ede yo fikse je yo sou bagay ki vrèman enpòtan yo (Filipyen 1:9, 10). Pa egzanp, Jezi te bay avètisman sa a : “ Mwen vin met divizyon : yon gason ap kont papa l, yon pitit fi ap kont manman l, yon jèn madanm ap kont bèlmè l. Wi, ènmi yon moun se pral moun ki nan pwòp kay li. ” ​(Matye 10:35, 36). Ann amoni ak avètisman Jezi a, anpil nan disip li yo te jwenn pèsekisyon nan men moun ki nan fanmi yo. Ala yon sitiyasyon ki bay lapenn e ki fè moun mal ! Toutfwa, relasyon familyal pa ta dwe janm pi enpòtan pase lanmou nou genyen pou Jewova Dye ak Jezi Kris (Matye 10:37-39). Si yon moun andire malgre opozisyon fanmi l, moun ki opoze yo ka chanje lè yo wè bon rezilta atachman pou Bondye bay (1 Korentyen 7:12-16 ; 1 Pyè 3:1, 2). Menmsi sa pa rive, pa gen okenn byenfè dirab yon moun ap jwenn si l sispann sèvi Bondye akoz opozisyon.

14. Kòman dezi paran yo genyen pou yo fè volonte Bondye ap ede yo aji plis nan enterè pitit yo ?

14 Lefètke paran yo ap fè volonte Bondye sa ap ede yo pran bon desizyon. Pa egzanp, nan kèk zòn, paran yo gen tandans konsidere timoun yo kòm yon envestisman, e yo konte sou timoun yo pou pran swen yo lè yo vin granmoun. Se vre, li nòmal e li apwopriye pou timoun ki gran yo pran swen paran yo ki aje, men konsiderasyon konsa pa ta dwe fè paran yo pouse pitit yo pousuiv yon vi materyalis. Paran yo pa fè byen pou timoun yo si yo aprann yo bay byen materyèl plis enpòtans pase bagay espirityèl. — 1 Timote 6:9.

15. Kòman Enis, manman Timote, te yon bèl egzanp paran ki fè volonte Bondye ?

15 Enis se yon bèl egzanp nan domèn nan. Li se manman Timote, yon jèn ki te zanmi Pòl (2 Timote 1:5). Aktout Enis te marye ak yon enkwayan, li menm ak Loyis, granmè Timote, te reyisi aprann Timote pou l kontinye gen atachman pou Bondye (2 Timote 3:14, 15). Lè Timote te ase gran, Enis te pèmèt li kite kay la pou l al patisipe nan travay preche Wayòm nan antanke konpayon Pòl nan aktivite misyonè a (Travay 16:1-5). Ala kontan li dwe te kontan lè pitit gason l lan te vin yon misyonè remakab ! Atachman Timote te gen pou Bondye lè l vin gran se rezilta fòmasyon li te resevwa byen bonè. Asireman, Enis te jwenn satisfaksyon ak lajwa lè li te tande rapò sou ministè fidèl Timote t ap akonpli, menmsi sandout, li te sonje pitit gason l lan. — Filipyen 2:19, 20.

FANMI AN AK AVNI W

16. Antanke pitit, ki bonjan sousi Jezi te demontre pou manman l, men ki sa ki te prensipal objektif li ?

16 Jezi te leve nan yon fanmi ki gen atachman pou Bondye, e lè l vin gran, li te demontre li se yon pitit ki gen bonjan sousi pou manman l (Lik 2:51, 52 ; Jan 19:26). Sepandan, objektif prensipal Jezi se te fè volonte Bondye, e pou li, sa te gen ladan l ouvri chemen pou lèzòm jwenn lavi etènèl. Se sa li te fè lè li te bay lavi pafè li antanke imen kòm ranson pou lèzòm pechè. — Mak 10:45 ; Jan 5:28, 29.

17. Ki bèl esperans fidelite Jezi rann posib pou moun ki fè volonte Bondye yo ?

17 Apre lanmò Jezi, Jewova te leve l pou l viv nan syèl la e li te ba li anpil pouvwa, finalman li te enstale l antanke Wa nan Wayòm selès la (Matye 28:18 ; Women 14:9 ; Revelasyon 11:15). Sakrifis Jezi a fè l posib pou kèk moun yo chwazi al dirije ak li nan Wayòm sa a. Li ouvri wout tou pou rès moun ki sensè yo jwenn lavi pafè sou tè a ki pral restore an paradi (Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 4 ; 21:3-5 ; 22:1-4). Youn nan pi gwo privilèj nou genyen jodi a se anonse sanblab nou yo bon nouvèl glorye sa a. — Matye 24:14.

18. Ki rapèl e ki ankourajman yo bay ni pou fanmi, ni pou chak moun ?

18 Tankou apot Pòl te montre sa, viv avèk atachman pou Bondye gen ladan l pwomès moun kapab eritye byenfè sa yo nan lavi “ ki pral vini an ”. Asireman, se pi bon fason pou moun jwenn kè kontan ! Sonje, “ monn nan ap pase e dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. (1 Jan 2:17.) Se sa k fè, kit ou se timoun kit ou se paran, mari oubyen madanm, selibatè ki gen timoun oubyen ki pa gen timoun, fè efò pou w fè volonte Bondye. Menm lè ou anba presyon oubyen ou rankontre difikilte ekstrèm, pa janm bliye ou se sèvitè Bondye vivan an. Konsa, se pou aksyon w pote lajwa pou Jewova (Pwovèb 27:11). E se pou konduit ou fè w jwenn kè kontan depi kounye a ak lavi etènèl nan monn nouvo k ap vini an !