Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 133

Yo prepare kò Jezi e yo mete l nan tonm

Yo prepare kò Jezi e yo mete l nan tonm

MATYE 27:57–28:2 MAK 15:42–16:4 LIK 23:50–24:3 JAN 19:31–20:1

  • YO RETIRE KÒ JEZI SOU POTO A

  • YO PREPARE KÒ L POU ANTÈMAN L

  • MEDAM YO JWENN TONM NAN VID

Li byen ta nan aprèmidi jou vandredi 14 Nizan an, e saba 15 Nizan an pral kòmanse nan moman solèy la kouche. Jezi gentan mouri, men de bandi ki bò kote l yo toujou vivan. Selon Lalwa, yo “pa dwe kite [kò yon moun mouri] pase nuit lan sou poto a”, men, olye de sa, yo te dwe antere kò a “menm jou a”. — Detewonòm 21:22, 23.

Anplis de sa, yo rele vandredi jou Preparasyon paske se nan jou sa a yo prepare manje e yo fin fè tout lòt travay ki ijan ki pa ka tann jis apre saba. Lè solèy fin kouche, saba doub la oswa “gran” saba a kòmanse (Jan 19:31). Yo rele l konsa, paske 15 Nizan, sètadi premye jou fèt Pen san ledven an ki dire sèt jou, se toujou yon saba (Levitik 23:5, 6). Fwa sa a, premye jou sa a tonbe menm jou ak saba nòmal la, ki toujou tonbe setyèm jou a.

Se poutèt sa Juif yo mande Pilat pou l fè yon jan pou l fè Jezi ak de bandi ki bò kote l yo mouri pi vit. Ki jan sa ap rive fèt? Lè yo kase janm yo. Sa ap fè li vin enposib pou yo sèvi ak janm yo pou kenbe pwa kò yo yon fason pou yo respire. Sòlda yo vini e yo kase janm de bandi yo. Men, etandone Jezi gentan mouri, yo pa kase janm li yo. Sa reyalize pawòl ki nan Sòm 34:20 an ki di: “Li pwoteje tout zo l. Pa gen youn nan yo ki kase.”

Pou yo ka sèten Jezi mouri vre, youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans. Lans lan antre bò kè l, “e menm kote a san ak dlo soti”. (Jan 19:34.) Sa reyalize yon lòt pasaj nan Ekriti yo ki di: “Y ap gade sila a yo te pèse a.” — Zakari 12:10.

Jozèf, moun vil Arimate, “yon mesye rich” e ki se yon moun yo respekte anpil nan Sanedren an, te la tou lè yo t ap egzekite Jezi (Matye 27:57). Yo pale de li kòm “yon bon moun e li te konn fè sa ki dwat”, li “t ap tann Wayòm Bondye a”. Anfèt, etandone li “te yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”, li pa t soutni tribinal la nan jijman yo te fè kont Jezi a (Lik 23:50; Mak 15:43; Jan 19:38). Jozèf ranmase kouraj li, l al kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat fè rele ofisye ki te responsab egzekisyon an, e lè ofisye a fin fè konnen Jezi mouri, Pilat bay Jozèf kò a.

Jozèf achte twal len bon kalite ki pwòp, e li desann kò Jezi sou poto a. Li vlope kò a nan twal len an pou prepare l pou antèman. Gen Nikodèm, “ki te vin kot Jezi lannuit premye fwa a”, ki te vini pou ede tou (Jan 19:39). Li pote yon woulo ki gen anviwon san liv (33 kilogram) lami ak lalwa ki koute chè. Yo vlope kò Jezi nan twal ki gen pwodui sa yo ki santi bon, jan Juif yo abitye prepare kadav pou antèman.

Yo depoze kò Jezi nan yon tonm tounèf Jozèf genyen yo fouye nan wòch nan yon jaden ki pa twò lwen. E yo woule yon gwo wòch devan bouch tonm nan. Pou yo fè antèman an anvan saba, yo prepare kò a byen vit. Se sa k fè Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak pi piti a, petèt ki t ap ede fè preparasyon an kouri al lakay yo pou y al “prepare fèy santi bon ansanm ak luil santi bon” pou yo kontinye okipe kò Jezi apre saba. — Lik 23:56.

Nan demen, jou saba a, prèt an chèf yo ak Farizyen yo al kot Pilat e yo di l: “Nou sonje lè blofè sa a te vivan, li te di: ‘Apre twa jou m gen pou m leve.’ Kidonk, bay lòd pou yo met sekirite devan tonm nan rive jis nan twazyèm jou a, pou disip li yo pa vin vòlè kò a, apre sa pou y al di pèp la: ‘Bondye leve l sot nan lanmò!’ Blòf sa a ap pi rèd pase premye a.” Pilat di yo: “Nou ka pran yon gwoup sòlda pou n al met veye tonm nan byen veye.” — Matye 27:63-65.

Dimanch, byen bonè nan maten, Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak, ansanm ak kèk lòt medam, pote pwodui santi bon nan tonm nan pou yo prepare kò Jezi. Youn ap di lòt: “Kiyès ki pral woule wòch la sot devan bouch tonm nan pou nou?” ​(Mak 16:3). Men, te gen yon tranblemanntè ki te fèt. Anplis de sa, te gen yon zanj Bondye ki te woule wòch la sou kote, sòlda yo t ale e tonm nan te vid!