Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 57

Jewova voye Jeremi al preche

Jewova voye Jeremi al preche

Jewova te chwazi Jeremi kòm pwofèt pou pèp Jida a. Li te di l pou l preche pèp la e pou l avèti yo yo bezwen sispann fè sa ki mal. Jeremi di: ‘Men, Jewova, se yon timoun mwen ye. Mwen pa konn ki jan pou m pale ak pèp la.’ Jewova di l: ‘Ou pa bezwen pè. M ap di w sa pou w di. M ap ede w.’

Jewova mande Jeremi pou l reyini ansyen yo ki nan pèp la, pou l kraze yon krich ann ajil devan yo, e pou l di yo: ‘Se konsa yo pral kraze Jerizalèm.’ Lè Jeremi te fè sa Jewova te di l la, ansyen yo te vin fache anpil. Gen yon prèt ki te rele Pachou ki te bat Jeremi e l te mete men l ak pye l nan yon blòk an bwa. Jeremi te fè tout nuit lan san l pa t ka bouje. Pachou te lage l nan demen maten. Jeremi di: ‘Mwen pa kapab ankò. M ap sispann preche.’ Men, èske l te kite sa vre? Non. Lè Jeremi te fè yon ti reflechi ankò, li di: ‘Mesaj Jewova a tankou yon dife anndan m. Mwen pa ka sispann preche.’ Jeremi te kontinye avèti moun yo.

Apre plizyè ane, te vin gen yon nouvo wa nan Jida. Prèt yo ak fo pwofèt yo te rayi mesaj Jeremi t ap bay la. Yo te di prens yo: ‘Mesye sa a merite mouri.’ Jeremi di: ‘Si nou touye m, n ap touye yon moun ki pa fè anyen ki mal. Se pawòl Jewova m ap pale, se pa pawòl pa m.’ Lè prens yo tande sa, yo di: ‘Mesye sa a pa merite lanmò.’

Jeremi te kontinye preche, e prens yo te vin fache anpil. Yo te mande wa a pou l touye Jeremi. Wa a di yo yo ka fè sa yo vle ak Jeremi. Yo pran Jeremi, yo lage l nan yon sitèn ki fon anpil e ki chaje ak labou, e yo te espere li t ap mouri la. Jeremi te kòmanse antre nan labou a.

Apre sa, gen yon gwo chèf ki te rele Ebèdmelèk ki te di wa a: ‘Prens yo lage Jeremi nan yon sitèn! Si n kite l la, l ap mouri.’ Wa a te bay Ebèdmelèk lòd pou l pran 30 mesye avè l pou yo rale Jeremi sot nan sitèn nan. Èske n pa ta dwe imite Jeremi ki pa t kite anyen anpeche l preche?

“Epi, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen. Men, moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” — Matye 10:22.