Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 46

Yon defi sou Mòn Kamèl

Yon defi sou Mòn Kamèl

Te gen yon pakèt move wa ki te dirije wayòm dis tribi Izrayèl la, men, Ahab te youn nan wa ki pi mechan yo. Li te marye ak Jezabèl, yon move fi ki te konn adore Baal. Ahab ak Jezabèl te gaye adorasyon Baal la nan tout peyi a e yo te touye pwofèt Jewova yo. Ki sa Jewova te fè pou sa? Li te voye pwofèt Eli al bay Ahab yon mesaj.

Pwofèt Eli te di wa Ahab lapli pap tonbe ann Izrayèl akoz bagay mal l ap fè yo. Yo pa t rekòlte anyen nan jaden yo pandan plis pase twazan, e moun yo te grangou anpil. Pi devan, Jewova te voye Eli kot Ahab ankò, e wa a te di: ‘Ou se yon moun k ap bay anpil pwoblèm! Se ou ki lakòz tout malè sa yo!’ Eli reponn: ‘Se pa mwen menm ki fè lapli pa tonbe. Se ou menm paske w adore Baal. Men sa n ap fè: Rasanble tout nasyon an ansanm ak pwofèt Baal yo sou tèt Mòn Kamèl.’

Pèp la te reyini sou mòn nan. Eli di yo: ‘Deside ki sa n ap fè. Si Jewova se vrè Dye a, se pou nou sèvi l. Si se Baal, ebyen sèvi l. Men defi m ap ban nou: 450 pwofèt Baal yo dwe prepare yon ofrann e yo dwe rele dye yo a. Epi, mwen menm, m ap prepare yon ofrann, e m ap rele Jewova. Dye ki fè dife sot nan syèl la pou l reponn nan se li ki vrè Dye a.’ Pèp la dakò.

Pwofèt Baal yo te prepare yon ofrann. Yo fè tout jounen an ap rele dye yo a. Yo t ap di: ‘O Baal, reponn nou!’ Lè Baal pa reponn, Eli pran pase yo nan rizib. Li di yo: ‘Rele ak tout fòs nou. Petèt dòmi ale avè l e li bezwen yon moun reveye l.’ Li te fin lannuit e pwofèt Baal yo te kontinye rele. Men, pèsonn pa t reponn.

Eli te mete ofrann pa l la sou yon lotèl e li vide dlo sou li. Epi, li priye, li di: ‘O Jewova, tanpri, fè pèp la wè se ou menm ki vrè Dye a.’ Menm moman an, Jewova fè dife sot nan syèl la vin boule tout ofrann nan. Pèp la rele byen fò: ‘Se Jewova ki vrè Dye a!’ Eli di: ‘Pa kite pwofèt Baal yo chape!’ Jou sa a, yo te touye tout 450 pwofèt Baal yo.

Rive yon lè, yon ti nyaj te parèt sou lanmè a, Eli di Ahab: ‘Pral gen yon gwo tanpèt. Prepare charyo w, epi al lakay ou.’ Syèl la te vin tou nwa ak nyaj, van t ap soufle e yon gwo lapli te kòmanse tonbe. Sechrès la te resi fini. Ahab te kouri charyo l la ak tout vitès. Grasa èd Jewova, Eli te kouri pi vit pase charyo a! Men, èske tout pwoblèm Eli yo te fini la? Nou pral wè sa.

“Se pou moun konnen ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.