Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 112

Jewova, Bondye lapè a

Jewova, Bondye lapè a

(Filipyen 4:9)

  1. 1. Jewova, Dye lanmou,

    Ou pwomèt pou’w ban’n lapè.

    Ede’n genyen fwi lespri a

    Pou’n louwe’w nan tout sa’n fè.

    Lafwa’n gen nan Jezi,

    Ki montre’l fidèl chak jou,

    Fè nou kapab vin bon zanmi’w,

    Sa fè’n anpè avèk ou.

  2. 2. Lespri’w fè’n gen bonsans,

    Pawòl ou ban’n konesans.

    Ou pwoteje’n, ou gide nou

    Nan monn sa’ ki san konsyans.

    Lè a gen pou’l rive

    Kote pwoblèm pral fini.

    Annatandan, ban nou lespri’w

    Pou’n anpè, pou nou ini.

  3. 3. O Ja, ou rasanble

    Sèvitè’w yo ou renmen.

    Lespri’w fè’n viv nan tèt ansanm,

    Wayòm nan, n’ap fè konnen.

    Se li k’ap bay jistis,

    L’ap mete fen nan lagè.

    E moun ki gen imilite

    Pral viv toutan nan lapè.