Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 113

Bondye ban nou lapè kòm kado

Bondye ban nou lapè kòm kado

(Jan 14:27)

  1. 1. Jewova se Dye lapè,

    Li merite glwa.

    Li pral fini ak lagè

    Sou tout kò tè a.

    Kris se Prens lapè li ye,

    Li dou e li bon.

    Lè’l fin wete mechanste,

    N’ap anpè toutbon.

  2. 2. Nou pa nan joure ankò,

    Nou pa di vye mo.

    Nou bay tout moun rekonfò,

    Nou renmen frè’n yo.

    Si’n vle kenbe lapè sa’,

    Fò’n konn padone.

    N’ap suiv egzanp Jezi a

    Pou’n viv nètale.

  3. 3. Lapè’n genyen an se prèv

    Bondye avèk nou.

    Nou fidèl menm nan eprèv,

    N’obeyi’l chak jou.

    Moun k’ap suiv ka wè aklè

    Bèl egzanp nou bay.

    Wayòm nan pral pot lapè.

    Se pral bèl bagay!