Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 114

“Montre nou gen pasyans”

“Montre nou gen pasyans”

(Jak 5:8)

  1. 1. Jewova, Bondye nou an,

    Sansib anpil pou non’l ki sen.

    Talè, li pral defann non’l,

    L’ap fè konnen se li’k Souvren.

    Pandan syèk ki pase yo,

    Li demontre andirans.

    Malgre tout sa lèzòm fè,

    Li pa pèdi pasyans.

    Li bay tout kalite moun

    Posiblite pou yo sove.

    Pasyans li pap janm anven,

    Volonte’l ap reyalize.

  2. 2. Nou bezwen anpil pasyans

    Pou’n ret sou chemen lavi a.

    Li ede’n pa fè kòlè,

    Lespri’n anpè, nou jwenn lajwa.

    Grasa li nou rive wè

    Kalite lòt moun genyen.

    Li ede’n lè’n nan pwoblèm,

    Konsa, nou pa brannen.

    Pasyans ak lòt kalite

    Nou gen grasa lespri sen an

    Ap ede nou imite

    Bondye nou an ki trè pasyan.