Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 129

N ap kontinye andire

N ap kontinye andire

(Matye 24:13)

  1. 1. Nou dwe andire.

    Kris ban’n egzanp, ann imite’l.

    Lè li t’ap soufri,

    Jwa ki t’ap tann li te ede’l.

    Bèl pwomès Bondye yo

    Te ret klè nan panse’l.

    (REFREN)

    Nou tout dwe gen andirans.

    Gwo lafwa nou bezwen.

    Bondye ban nou asirans

    L’ap ede’n andire jiska lafen.

  2. 2. Nou ka nan lapenn,

    Pafwa’n ka santi’n san sekou.

    Malgre dlo nan je,

    Nou wè bèl lavi k’ap tann nou.

    Pou’n ka la, pou’n jwi sa,

    N’ap kenbe djanm chak jou.

    (REFREN)

    Nou tout dwe gen andirans.

    Gwo lafwa nou bezwen.

    Bondye ban nou asirans

    L’ap ede’n andire jiska lafen.

  3. 3. Nou pap janm bay vag,

    Nou pa pè, ni nou pap doute.

    N’ap rete fidèl

    Jis gran jou Jewova’ rive.

    Ann toujou andire,

    Jou a vrèman toupre.

    (REFREN)

    Nou tout dwe gen andirans.

    Gwo lafwa nou bezwen.

    Bondye ban nou asirans

    L’ap ede’n andire jiska lafen.