Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 2

Non ou se Jewova

Non ou se Jewova

(Sòm 83:18)

  1. 1. O Bondye ki vivan’,

    Ki kreye tout linivè,

    Depi toutan, sa byen klè,

    Non ou se Jewova.

    O Dye, nou se pèp ou,

    Pou nou se yon gwo onè.

    Nan tout peyi sou latè,

    N’ap fè konn jan’w gen glwa.

    (REFREN)

    Jewova, Jewova,

    Pa gen Dye ki tankou’w.

    Ni nan syèl la, ni sou tè a,

    Menm youn nou pap ka jwenn.

    Se ou menm sèl ki Toupisan,

    Se ou tout moun dwe krenn.

    Jewova, Jewova,

    Sèl Dye n’ap adore se ou.

  2. 2. Ou fè nou vin tounen

    Tout sa ki fè ou plezi,

    Konsa, se ou n’obeyi.

    Non ou se Jewova.

    Se pou ou n’ap preche,

    Mèsi paske’w fè’n konfyans.

    Ou ban’n anpil enpòtans:

    Ou ban’n pot non’w, Papa.

    (REFREN)

    Jewova, Jewova,

    Pa gen Dye ki tankou’w.

    Ni nan syèl la, ni sou tè a,

    Menm youn nou pap ka jwenn.

    Se ou menm sèl ki Toupisan,

    Se ou tout moun dwe krenn.

    Jewova, Jewova,

    Sèl Dye n’ap adore se ou.