Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 3

Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

(Pwovèb 14:26)

  1. 1. O Jewova, ou vrèman renmen’n,

    ou ban’n yon esperans.

    Li trè bèl, nou vle pataje’l

    ak anpil dilijans.

    Men, pafwa enkyetid lavi a

    konn fè dout vle anvayi’n,

    Espwa sa’ ki te byen klere

    konn vin sonm nan lavi’n.

    (REFREN)

    Ou se fòs nou, espwa’n,

    e nou kwè nan ou.

    Ou fè’n jwenn tout sa nou manke.

    Lè n’ap preche moun yo,

    nou met kran sou nou,

    paske se sou ou nou konte.

  2. 2. O Jewova, ede nou tanpri.

    Nou vle sonje sa’w fè:

    Ou toujou la pou fòtifye’n

    nan pwoblèm, nan malè.

    E èd ou ban nou pou’n rejwenn fòs

    fè espwa nou vin briye,

    Paske ou fè’n vin gen kouraj

    pou’n fè konn non’w, Bondye.

    (REFREN)

    Ou se fòs nou, espwa’n,

    e nou kwè nan ou.

    Ou fè’n jwenn tout sa nou manke.

    Lè n’ap preche moun yo,

    nou met kran sou nou,

    paske se sou ou nou konte.