Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 47

Priye Jewova chak jou

Priye Jewova chak jou

(1 Tesalonisyen 5:17)

  1. 1. Priye Jewova, li koute priyè.

    Nou pote non li, se yon gwo onè.

    Lè n’ap lapriyè, ouvè kè’n ba li,

    Konte sou li, di’l tout sa nou santi.

    Priye Jewova chak jou.

  2. 2. Priye Jewova pou nou di’l mèsi.

    Li se Kreyatè’n, li ban nou lavi.

    Pwoche kot Bondye pou’n mande’l padon.

    N’ap jwenn padon si’n repanti toutbon.

    Priye Jewova chak jou.

  3. 3. Priye Jewova lè pwoblèm met pye.

    Li se Papa nou, li toujou byen pre.

    Chèche èd nan men’l, l’ap ban’n pwoteksyon,

    Nou mèt gen konfyans n’ap jwenn direksyon.

    Priye Jewova chak jou.