Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 90

Annou youn ankouraje lòt

Annou youn ankouraje lòt

(Ebre 10:24, 25)

  1. 1. Lè youn toujou ankouraje lòt

    Pou’n sèvi Bondye fidèlman,

    Lanmou nou genyen an vin pi fò,

    Nou ini, nou anpè toutan.

    Lanmou ki gen pami frè nou yo

    Ban nou fòs pou nou andire.

    Kongregasyon an se yon refij,

    Ladan’l nou an sekirite.

  2. 2. Yon pawòl moun di nan bon moman

    Kapab ban nou konsolasyon.

    Yon moun ki ankouraje’n konsa

    Montre li renmen nou toutbon.

    Ala sa bon lè’n travay ansanm

    E lè nou gen menm esperans!

    Konsa, youn chèche fòtifye lòt,

    Youn ede lòt avèk pasyans.

  3. 3. Ann fikse je’n sou jou Bondye a,

    Ann tann li, paske li pa lwen.

    Li enpòtan pou nou reyini

    Pou’n kontinye wout la anbyen.

    Nou vle sèvi Bondye pou toutan

    Bò kot frè’n yo nan inite.

    Donk, se pou youn ankouraje lòt

    Mache avèk fidelite.