Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 92

Yon konstriksyon ki pote non w

Yon konstriksyon ki pote non w

(1 Kwonik 29:16)

  1. 1. Ala yon gwo onè, Jewova,

    Pou nou bati yon kay pou non’w!

    Se ak kè kontan n’ap ofri’w li,

    Pou glwa’w e pou repitasyon’w.

    Kèlkeswa sa n’ap chwazi ba ou,

    L’ap soti nan sa’w te kreye.

    Travay nou, talan nou ak byen nou,

    Nou ba ou yo san mezire.

    (REFREN)

    Nou vle ofri’w konstriksyon sa’,

    Non ou, l’ap fè moun konnen.

    Wi, nou dedye’w konstriksyon sa’,

    Aksepte li, o Trèsen.

  2. 2. Bon Papa, kouny’a n’ap onore’w

    Ak louwanj n’ap ba’w isit la.

    Se pou moun k’ap aprann chemen’w yo

    Vini an foul pou yo ba’w glwa.

    Isit la fèt pou nou adore’w,

    Nou ta renmen’l dire lontan,

    Se poutèt sa, nou vle byen pran swen’l

    Pou’l kore mesaj Wayòm nan.

    (REFREN)

    Nou vle ofri’w konstriksyon sa’,

    Non ou, l’ap fè moun konnen.

    Wi, nou dedye’w konstriksyon sa’,

    Aksepte li, o Trèsen.