Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Li pap anreta!” (Chante kongrè 2023)

“Li pap anreta!” (Chante kongrè 2023)

(Abakouk 2:3)

Telechaje:

  1. 1. Tè a s’on bijou, sa fè nou rejwi.

    Ou te byen pran san’w pou’w fè tout sa’k sou li.

    Monn nan mèt chanje, ou rete menm jan’.

    Ou pral fè tè a vin jan’l te ye anvan’.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre, nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

  2. 2. N’ap tann moun pa’n yo leve nan lanmò.

    Jewova, ou swaf pou’w fè yo viv ankò.

    Papa’w renmen yo, nou konn sa trè byen.

    Ede’n imite gwo pasyans ou genyen.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre, nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

  3. 3. Ak anpil pasyans, w’ap chèche ede

    Moun ki gen bon kè pou yo kapab sove.

    N’ap preche ak zèl, n’ap travay avè’w.

    Nou vle byen sèvi ak tan’n pou’n rejwi kè’w.

    (REFREN)

    Papa’w konnen n’anvi viv n’on bèl Paradi.

    Fè’n gen pasyans pou’n ret tann.

    Jou’w la vrèman toupre, nou sèten l’ap rive.

    Kèlkeswa tan li ta pran,

    “Li pap anreta!”

    Papa, ban’n fòs pou’n ret tann!

(Gade tou Kol. 1:11.)