Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tout sa mwen genyen

Tout sa mwen genyen

Telechaje:

  1. 1. O Bondye Papa mwen, mwen vle ba’w tout sa mwen genyen.

    Dezi pa’m se fè volonte’w chak jou, wi, tout lavi mwen.

    M’ap ede moun ki vle pou yo konprann Pawòl ou a.

    Preche, anseye, se bagay sa yo ki ban’m lajwa.

    (ANVAN REFREN)

    Plis mwen ba’w glwa, Jewova, se plis lafwa’m vin djanm chak jou.

    Lè’m panse ak ve mwen te fè’w la, m’vle fè plis pou ou.

    (REFREN)

    O Bondye, Papa mwen, se pou ou mwen ye.

    Mwen detèmine pou’m fè tout sa’w mande.

    M’ap bay fòs mwen tout kote ki gen bezwen.

    Jewova, mwen renmen’w, m’ap ba ou tout sa’m genyen.

  2. 2. Mwen renmen frè’m ak sè’m yo, nou se yon vrè fanmi.

    Lè’m dispoze bay koutmen pa’m, plis moun ka gen lavi.

    Lè’m ede moun ki nan bezwen, sa fè yo gen espwa,

    E’m gen plis kè kontan lè mwen bay pase lè’m resevwa.