Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Disiplin ede yon timoun menm jan yon gouvènay gide yon bato pou l rive kote l prale a.

POU PARAN

6: Disiplin

6: Disiplin

SA SA VLE DI

Mo disiplin nan ka gen ladan l gide oswa anseye. Men tou, pafwa li ka gen ladan l korije yon timoun k ap mal aji. Men souvan, disiplin gen ladan l bay yon timoun prensip moral k ap aprann li fè bon chwa.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Nan dènye dizèn ane ki pase yo, paran yo prèske pa disipline timoun yo paske yo pè pou sa pa fè timoun yo manke kwè nan tèt yo. Sepandan, paran ki gen sajès yo bay pitit yo règ ki rezonab e yo aprann pitit yo suiv règ sa yo.

“Paran yo bezwen bay pitit yo bonjan limit k ap ede yo vin yon pi bon moun demen. Si timoun yo pa jwenn disiplin, y ap tankou yon bato ki san gouvènay, sa ki ka fè bato a pèdi wout li epi menm koule.” — Pamela.

SA W KA FÈ

Pa chanje. Si pitit ou pa suiv règ ou mete yo, asire w yo jwenn pinisyon yo merite a. Yon lòt bò, toujou felisite pitit ou lè yo suiv règ yo.

“Mwen felisite pitit mwen yo souvan poutèt yo obeyisan, sitou n ap viv nan yon monn kote li difisil pou moun obeyi. Lè w felisite yo, yo pi fasil aksepte disiplin w ap ba yo a si yo merite sa.” — Christine.

PRENSIP BIBLIK: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

Se pou w rezonab. Bay disiplin nan selon laj timoun nan oswa kapasite l e selon dezòd li fè a. An jeneral, li pi bon lè pinisyon an koresponn ak dezòd timoun nan fè a, pa egzanp si l te mal sèvi ak telefòn, pinisyon an gendwa se pran telefòn nan epi kenbe l pandan yon tan. Anmenmtan, evite fache pou yon bagay ki pa gen enpòtans tou senpleman paske ou pa renmen bagay sa a.

“Mwen eseye wè si se espre pitit mwen an fè li dezobeyi oswa si se yon erè li fè toutbon. Gen diferans ant lè yon timoun gen yon defo nan pèsonalite l ki merite korije ak lè yon timoun fè yon erè ki merite pou atire atansyon l sou li.” — Wendell.

PRENSIP BIBLIK: “Pa tingting timoun nou yo pou pwovoke yo, dekwa pou yo pa dekouraje.” — Kolosyen 3:21, nòt.

Demontre lanmou. Timoun yo pi fasil aksepte epi aplike yon disiplin lè yo konnen se lanmou ki pouse paran yo bay disiplin nan.

“Lè pitit gason nou an fè erè, nou fè l sonje nou fyè pou tout lòt bon desizyon li te pran anvan sa. Nou fè l sonje tou erè li fè yo pap sal repitasyon l si l korije yo byen bonè, e nou la pou nou ede l fè sa.” — Daniel.

PRENSIP BIBLIK: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans.” — 1 Korentyen 13:4.