Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pawòl nou di ak respè tankou mòtye, yo kenbe maryaj nou.

POU MOUN MARYE

3: Respè

3: Respè

SA SA VLE DI

Moun marye ki respekte youn lòt gen sousi youn pou lòt menm lè yo pa ta dakò sou yon bagay. Men sa yon liv fè konnen: “Moun marye ki konsa yo evite met tèt yo nan sitiyasyon kote youn pa vle kite pou lòt. Olye de sa, yo toujou pale sou kèlkeswa dezakò yo ta ka genyen. Epi, yo koute youn lòt ak respè lè lòt la ap di sa k sou kè l, e yo chèche jwenn yon antant.” — Ten Lessons to Transform Your Marriage.

PRENSIP BIBLIK: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Korentyen 13:4, 5.

“Respekte madanm mwen vle di mwen apresye bèl kalite li genyen yo e mwen pa vle fè anyen k ap ba l pwoblèm oswa k ap bay maryaj nou pwoblèm.” — Micah.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Si de moun marye pa respekte youn lòt, lè y ap pale sa ka vire an kritik, youn ka di lòt pawòl pou derespekte l oswa pase l nan jwèt, oubyen tou youn ka joure lòt. Moun ki fè rechèch yo fè konnen sa yo se kèk siy ki ka mennen nan divòs.

“Fè vye remak sou madanm ou, di l bagay mal oswa fè blag sou li ka fè l vin pa gen konfyans nan tèt li, sa ka fè l vin pa fè w konfyans ankò, e sa ka kraze maryaj ou.” — Brian.

SA W KA FÈ

EGZAMINE TÈT OU

Pandan yon semèn, suiv konvèsasyon w ak aksyon w, epi mande tèt ou:

  • ‘Pandan konbyen fwa mwen kritike madanm mwen, e pandan konbyen fwa mwen felisite l?’

  • ‘Nan ki domèn presi mwen montre m respekte moun mwen marye avè l la?’

POU W PALE AK MOUN OU MARYE A

  • Ki sa n ka fè oswa ki sa n ka di k ap fè n santi youn respekte lòt?

  • Ki sa n fè oswa ki sa n di ki fè n santi youn pa respekte lòt?

IDE

  • Ekri twa domèn ou ta renmen yo demontre respè pou ou. Fè moun ou marye avè l la fè menm bagay la. Epi bay youn lòt sa nou ekri a, epi fè efò pou demontre respè nan domèn moun ou marye avè l la te ekri yo.

  • Fè yon lis bagay ou renmen lakay moun ou marye avè l la. Epi di moun ou marye avè l la jan w apresye kalite sa yo.

“Respekte mari m vle di mwen montre nan fason m aji mwen ba l valè e mwen vle l gen kè kontan. Mwen pa oblije toujou fè yon gwo aksyon, men pafwa yon seri ti aksyon mwen fè ka montre bonjan respè mwen genyen pou li.” — Megan.

Anfèt, sa k pi enpòtan an se pa ou ki pou santi ou respekte moun ou marye avè l la, men se moun ou marye avè l la ki pou santi ou respekte l.

PRENSIP BIBLIK: “Abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” — Kolosyen 3:12.