Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?

Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?

Grasa mesaj tèks, imel, videyo konferans ak rezo sosyal, de moun ka kominike byen fasil menmsi y ap viv byen lwen youn lòt. Pou yo menm, teknoloji se yon sèvitè ki itil anpil.

Sepandan, moun ki plis sèvi ak teknoloji pou kenbe amitye yo gen tandans:

  • montre mwens konpasyon pou zanmi yo.

  • santi yo poukont yo e yo debousole.

  • vin egoyis olye yo panse ak lòt moun.

SA W TA DWE KONNEN

KONPASYON

Konpasyon mande pou nou pran tan pou nou pran ka lòt moun avèk pasyans. Yon bagay ki ka sanble difisil pou fèt akoz kantite bagay y ap poste sou rezo sosyal yo ak pakèt mesaj n ap voye oswa n ap resevwa.

Avèk letan, si se teknoloji k ap kontwole w, menm reponn mesaj yon zanmi w voye ka sanble yon chay. Kounye a, objektif ou se efase mesaj ou yo olye w ede yon zanmi ki nan bezwen.

FÈ YON TI REFLECHI: Ki jan nou ka “montre nou gen senpati” lè n ap sèvi ak teknoloji pou n kominike ak zanmi nou yo? — 1 PYÈ 3:8.

DEBOUSOLE

Yon etid fè konnen anpil moun santi yo pi mal apre yo fin pase tan sou rezo sosyal yo. Moun k ap fè rechèch yo rive wè lè yon moun rete ap gade foto oswa mizajou lòt moun fè sou pwofil yo, “sa ka fè l santi li pa regle anyen ki serye.”

Mete sou sa, rete ap gade bèl foto lòt moun poste ka fè yon moun panse lavi pa l pa enteresan. Epitou, sa ka fè l panse afè tout lòt moun ap byen mache alòske li menm lavi pa l raz.

FÈ YON TI REFLECHI: Lè n ap sèvi ak rezo sosyal, ki jan nou ka evite konpare tèt nou ak lòt moun yon fason ki negatif? — GALAT 6:4.

EGOYIS

Yon pwofesè remake kèk nan elèv li yo plis ap chèche amitye kote sa k plis enterese yo se “kiyès ki avè m?” * Relasyon konsa plis chita sou sa moun nan ka jwenn nan amitye a. Yon moun konsa ka kòmanse wè zanmi l yo tankou aplikasyon ki sou aparèy li kote li ka sèvi avèk yo lè l vle oswa li fèmen yo lè l vle.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske sa w poste sou Entènèt yo montre w gen tandans fè konpetisyon oswa w konsantre twòp sou tèt ou? — GALAT 5:26.

MEN SA W KA FÈ

EGZAMINE FASON W SÈVI AK TEKNOLOJI

Lè teknoloji se sèvitè w olye l se mèt ou, l ap ede w kenbe kontak ak zanmi w yo, e menm vin pi pwòch ak yo.

PRENSIP BIBLIK: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 KORENTYEN 13:4, 5.

Make sijesyon ou ta renmen eseye yo oswa ekri pwòp ide pa w.

  • Gen plis konvèsasyon moun ak moun olye nou sèlman voye tèks oswa imel

  • Mete telefòn nan sou kote oswa sou silans lè n ap pale ak lòt moun

  • Diminye nan tan nou pase sou rezo sosyal nan gade sa lòt moun fè oswa sa yo di

  • Aprann byen koute

  • Kontakte yon zanmi nou k ap pase move moman

^ § 17 Nou jwenn enfòmasyon sa a nan liv Reclaiming Conversation.