Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan pataje foto sou Entènèt?

Ki sa m dwe konnen konsènan pataje foto sou Entènèt?

 W ap pase yon bèl vakans, e w vle pataje kèk bagay ak zanmi w! Men, ki jan w ap fè sa? Èske w ap

  1.   voye yon kat postal pou chak moun?

  2.   voye yon imel pou tout zanmi w yo?

  3.   poste foto sou Entènèt?

 Lè granparan w te nan laj ou, li pwobab opsyon “A” a se sèl opsyon ki te genyen.

 Lè paran w te nan laj ou, se petèt opsyon “B” a yo t ap chwazi.

 Jodi a, pou anpil jèn ki gen pèmisyon pou voye foto sou Entènèt, yo t ap prefere chwazi opsyon “C”. Ou menm tou? Si wi, atik sa a ap ede w evite kèk pyèj.

 Ki avantaj ki gen nan sa?

 Li rapid. “Lè m fin fè yon bèl vwayaj oswa fin pase yon bon moman ak zanmi m, m ka pataje foto yo pandan kè m toujou kontan.” — Melanie.

 Li fasil. “Li pi fasil pou m annik gade foto zanmi m yo poste olye pou m voye imel pou m ka konnen sa y ap fè.” — Jordan.

 Li ede w rete an kontak. “Gen kèk fanmi m ak kèk zanmi m k ap viv lwen m. Si yo poste foto souvan e m verifye souvan, se kòmsi m wè yo chak jou!” — Karen.

 Ki danje ki gen nan sa?

 Ou kapab mete lavi w an danje. Si kamera w la gen yon fason pou l tou fè konnen kote w te ye lè w te pran foto a, foto ou poste yo ka fè konnen plis pase sa w te gen entansyon fè konnen. Men sa sit Entènèt Digital Trends lan fè konnen: “Lè w poste foto ak lòt fichye ki fè konnen egzakteman kote w ye, nenpòt moun ki gen move entansyon e ki gen yon lojisyèl ki fèt pou sa kapab konnen kote ou ye.”

 Se vre, gen kèk kriminèl ki pi enterese konnen ki kote ou pa ye. Digital Trends te fè konnen gen 3 vòlè ki te antre nan 18 kay nan yon moman kote pèsonn pa t la. Ki jan yo te fè konnen pa t ap gen moun nan kay sa yo? Yo te ale sou Entènèt e yo te suiv aktivite ak deplasman moun yo (yo rele teknik sa a cybercasing ann anglè) e yo te vòlè anpil bagay ki te vo plis pase $100 000 (U.S.)

 Ou ka tonbe sou bagay ki chokan. Gen moun ki pa gen pwoblèm poste nenpòt bagay pou tout moun gade. Men sa yon jèn ki rele Sarah di: “Pwoblèm nan se lè w ap gade kont moun ou pa konnen. Se kòmsi w ap mache nan yon vil ou pa abitye san yon kat. Se prèske yon garanti w ap rive yon kote ou pa t vle ale.”

 W ap pèdi tan san w pa menm wè sa. Men sa yon jèn ki rele Yolanda di: “Li fasil pou w pa menm wè lè tan an pase nan gade dènye sa ki sou paj moun yo oswa kòmantè yo fè. Li ka rive nan yon pwen kote w toujou ap rale telefòn ou sèlman pou w wè sa k fèt parèt.”

Ou bezwen gen metriz si w gen yon kont pou pataje foto ak lòt moun.

 Yon jèn ki rele Samantha te dakò ak sa, li di: “M oblije mete limit nan konbyen tan m pase sou sit Entènèt sa yo. Ou vrèman bezwen gen kontwòl tèt ou si w ap gen yon kont pou pataje foto.”

 Men sa w ka fè

  •   Pran detèminasyon pou w evite bagay ki pa kòrèk. Labib di: “Mwen pap mete okenn bagay ki pa vo anyen devan je m.” — Sòm 101:3.

     “Regilyèman, m gade sa moun m ap suiv yo poste e m sispann suiv yo si yo poste bagay ki pa kòrèk.” — Steven.

  •   Evite kominike ak moun ki pa gen menm prensip ak ou paske yo ka pa ankouraje w kenbe moralite w. Labib di: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33, nòt.

     Pa suiv foto ki alamòd sèlman paske yo popilè. Souvan se konsa w ap tonbe sou bagay ki gen betiz, moun toutouni ak lòt bagay ki ka choke w.” — Jessica.

  •   Mete limit nan konbyen tan w ap fè ap gade sa lòt moun ap poste ak konbyen tan w ap fè ap poste foto. Labib di: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:15, 16.

     “M konn sispann suiv moun ki poste twòp foto. Pa egzanp, yon moun ale nan plaj e l poste 20 foto sou menm kokiyaj la. Franchman! Sa ap pran twòp tan pou yon moun gade tout foto sa yo.” — Rebekah.

  •   Asire w tout foto ou poste yo pa bay moun enpresyon se a tèt ou sèlman w panse. Pòl, youn nan moun ki ekri Bib la, te di: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse.” (Women 12:3). Pa panse zanmi w yo toujou bezwen wè foto w e konnen ki sa w ap fè.

     “Gen moun ki toujou ap poste foto. Si nou se zanmi, m konnen jan w ye deja. Ou pa bezwen toutan ap raple m sa!” — Allison.