Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske l vrèman nesesè pou gen règ nan kay la?

Èske l vrèman nesesè pou gen règ nan kay la?

 Èske gen yon règ nan kay la ki twò lou pou ou? Atik sa a ansanm ak fich aktivite ki vin avè l la ap ede w pale ak paran w sou sa.

 Bon fason pou w wè bagay yo

 Sa moun di: Lè w nan kay pa w, ou pap gen pou w suiv okenn règ ankò.

 Sa ki verite: W ap toujou gen pou w suiv kèk règ menm lè w nan kay pa w. W ap toujou gen pou w bay yon moun esplikasyon, petèt patwon w, mèt kay kote w ye a oswa menm gouvènman an. Men sa Danielle ki gen 19 an fè konnen: “Selon mwen menm, jèn ki pa ka obeyi règ yo pandan yo lakay paran yo ap gen gwo pwoblèm lè y ap viv lakay pa yo.”

 Bib la di: “Soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo.” (Tit 3:1). Lè w aprann obeyi règ paran w bay se yon bon fòmasyon sa ye pou ou lè w gen pou w suiv lòt règ nan lòt domèn nan lavi a lè w vin gran.

 Sa w ka fè: Chèche wè byenfè ki gen nan règ yo. Men sa yon jèn gason ki rele Jeremy fè konnen: “Règ paran m te bay yo te vrèman ede m aprann ki jan pou m chwazi zanmi ak fason pou m jere tan m. Epitou, règ yo te ede m evite pase twòp tan ap gade tele epi jwe twòp jwèt videyo, e yo te ede m chèche fè aktivite k ap ede m plis. Gen nan aktivite sa yo m toujou renmen.”

 Bon fason pou w abòde bagay yo

 Men, e si yon règ sanble pa gen sans? Pa egzanp, gen yon jèn ki rele Tamara ki di: “Paran m kite m vwayaje al nan lòt peyi, men, kounye a m retounen lakay, yo pa vle m menm fè 20 minit ap kondui al nan yon vil!”

 Si w nan yon sitiyasyon konsa, èske l t ap mal pou w pale ak paran w konsènan règ la? Non. Sa k pi enpòtan an se konn ki lè pou w pale ak yo sou sa e ki jan pou w fè sa.

 Ki lè. Gen yon adolesan ki rele Amanda ki di: “Anvan w ka rive pale ak paran w pou yo chanje yon règ, fò w se yon moun ki responsab.”

 Gen yon jèn fi ki rele Daria ki dakò ak sa. Men sa l di: “Se lè manman m te wè mwen te toujou obeyi sa l di, li te resi dakò pou l fè yon chanjman.” Pa bliye, se travay pou w travay pou yo fè w konfyans, se pa mande pou w mande l.

Yon moun k ap viv nan yon kay e ki pa suiv règ paran l bay menm jan ak yon moun k ap eseye fè yon avyon ateri nan yon ayewopò kote yo pa suiv règ konsènan fason pou avyon yo vole e pou yo ateri.

 Bib la di: “Obeyi kòmandman papa w ba ou, pa bliye lòd manman w ba ou.” (Pwovèb 6:20). Lè w suiv konsèy sa a, paran w ap fè w plis konfyans e l ap vin pi fasil pou w pale ak yo.

 Ki jan. Men sa yon jèn gason ki rele Steven fè konnen: “Lè w ap pale ak paran w, li toujou pi bon pou w demontre respè epi rete kalm olye pou w ap plenyen epi pale fò ak yo.”

 Daria, jèn fi nou te pale de li talè a, dakò ak sa. Men sa l di: Lè m fè diskisyon ak manman m, sa pa chanje anyen. Okontrè, pafwa, li konn menm vin pi strik sou règ yo.”

 Bib la di: “Yon moun ki sòt fè konnen tout sa k nan kè l, men, moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li.” (Pwovèb 29:11). Lè w aprann metrize tèt ou, sa ap vrèman itil ou nonsèlman lakay ou, men tou, nan lekòl ou, travay ou ak lòt kote.

 Sa w ka fè: Reflechi anvan w pale. Nenpòt ti kòlè ka fè w pèdi tout konfyans paran w te fè w. Bib la gen bonjan rezon lè l di: “Moun ki pa fè kòlè fasil se moun ki gen anpil lespri.” — Pwovèb 14:29.

 Yon konsèy: Sèvi ak fich aktivite ki vin ak atik la pou w reflechi sou règ yo, epi, si sa nesesè, fè yon ti pale ak paran w sou atik sa a.