Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak depresyon?

Ki jan m ka fè fas ak depresyon?

 Si w gen bon taktik ou ka rive santi w pi byen.

 Ki sa w t ap fè?

 Reflechi sou sitiyasyon ki vin apre yo:

 Pa gen anyen ki fè kè Jennifer kontan ankò. San l pa gen okenn bon rezon, li kriye chak jou e li pa ka anpeche sa. Li chèche ret poukont li e li prèske pa manje. Li difisil pou l dòmi oswa pou l konsantre. Jennifer ap mande tèt li sa k ap pase l. Ou kwè l ap janm tounen jan l te ye anvan an?

 Mark te yon bon elèv. Men, kounye a, li rayi lekòl e l ap fè vye nòt. Li pa gen fòs pou l fè spò li te renmen anvan sa. Zanmi l yo pa konprann anyen. Paran l enkyè. Èske se jis yon bagay k ap pase oswa èske se yon lòt bagay?

 Èske sa rive souvan ou santi w menm jan ak Jennifer oswa Mark? Si repons lan se wi, ki sa w ka fè? Ou gen de posiblite:

  1.   Eseye jere sitiyasyon an poukont ou.

  2.   Pale ak yon granmoun ou fè konfyans.

 Opsyon A ka sanble pi enteresan, sitou lè w pa sou pale. Men, èske se pi bon chwa a? Labib di: “De pi bon pase youn [...]. Paske, si youn nan yo tonbe, lòt la kapab ede zanmi l lan kanpe. Men, ki sa k ap rive yon moun ki tonbe ki pa gen pèsonn pou ede l leve?” — Eklezyas 4:9, 10.

 Ann pran yon egzanp: Imajine ou nan yon zòn ki gen anpil krim e w pèdi. Li fènwa, e nan chak kwen, gen moun ou pa konnen ki kache. Ki sa w t ap fè? Ou ta ka toujou eseye jwenn wout ou poukont ou. Men, ou pa panse li t ap pi saj pou w mande yon moun ou fè konfyans pou l ede w?

 Depresyon sanble anpil ak yon zòn ki danjere. Si se yon tristès ou genyen tanzantan l ap pase poukont li. Men, si tristès la dire lontan, li pi bon pou w chèche èd.

 PRENSIP BIBLIK: “Yon moun ki met kò l apa [...] refize aji avèk sajès.” — Pwovèb 18:1.

 Avantaj opsyon B a, ki se pale ak paran w oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans, sèke ou ka pwofite eksperyans yon moun ki te konn jere santiman negatif.

 Ou ka di tèt ou: ‘Men, paran m pa konprann jan m santi m!’ Men, èske w sèten de sa? Menm lè sitiyasyon yo te konn fè fas lè yo te jèn pa menm ak sa w ap fè fas jodi a, santiman yo te konn genyen yo kapab menm ak sa w genyen yo. E yo ka byen gen solisyon yo!

 PRENSIP BIBLIK: “Èske se pa moun ki granmoun ki gen sajès, e èske se pa moun ki viv lontan ki gen bon konprann?” — Jòb 12:12.

 Men pwen an: Si w pale ak yon paran w oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans, gen anpil chans pou w jwenn bonjan konsèy.

Lè yon moun fè depresyon se kòmsi li te nan zòn ki danjere e li pèdi. Pou l ka soti, fò l jwenn èd.

 Si se yon pwoblèm sante?

 Si se chak jou ou santi w tris, petèt ou gen yon pwoblèm sante ki bezwen jwenn tretman, se kapab yon gwo depresyon w ap fè.

 Lakay adolesan yo, sentòm gwo depresyon ka sanble ak chanjman tanperaman ki nòmal lakay jèn yo, men sentòm sa yo pi fò e yo dire pi lontan. Kidonk, si w santi w tris anpil e sa dire lontan, li te ka bon pou w pale ak paran w pou yo mennen w wè yon doktè.

 PRENSIP BIBLIK: “Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad ki bezwen doktè.” — Matye 9:12.

 Si doktè fè w konnen ou fè gwo depresyon, pa gen rezon pou w wont. Se yon bagay ki kouran lakay jèn yo e li ka trete. Moun ki zanmi w toutbon yo pap panse mal de ou.

 Ide: Se pou w gen pasyans. Sa pran tan pou yon moun geri anba depresyon e w ka atann ou pou w gen jou w byen ak jou w pa byen. a

 Taktik pou w geri

 Kit ou bezwen tretman nan men doktè, kit ou pa bezwen sa, gen kèk bagay ou ka fè pou w fè fas ak tristès ki pa vle lage w la. Pa egzanp, si w fè spò regilyèman, ou manje manje ki bon pou sante w e w dòmi kantite tan kò w bezwen, sa ka ede w pou santiman w vin pi stab (Eklezyas 4:6; 1 Timote 4:8). Li ka bon tou pou w gen yon kanè kote w ekri santiman w, objektif ou genyen pou w geri, lè w gen moman kote w tris ankò ak lè w reyisi konbat santiman tristès la.

 Kit ou soufri gwo depresyon, kit se jis yon ti moman tristès ou genyen, sonje sa: Lè w aksepte èd lòt moun ap ba w e lè w fè yon seri bagay pèsonèlman pou w ka geri w ap rive fè fas ak depresyon.

 Pasaj nan Bib la ki ka ede w

  •  “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” — Sòm 34:18.

  •  “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” — Sòm 55:22.

  •  “Mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen kenbe men dwat ou, e mwen se Sila a k ap di w: ‘Ou pa bezwen pè, m ap ede w.’” — Ezayi 41:13.

  •  “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen.” — Matye 6:34.

  •  “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay [...]. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou.” — Filipyen 4:6, 7.

a Si w konn panse touye tèt ou, chèche jwenn èd tousuit nan men yon granmoun ou fè konfyans. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade seri atik ki rele “Pourquoi s’accrocher?” nan Reveye n! (fransè) avril 2014 la.