Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Renmen — Dezyèm pati: Ak ki sa mwen dwe atann mwen lè m renmen?

Renmen — Dezyèm pati: Ak ki sa mwen dwe atann mwen lè m renmen?

 Ou rankontre yon moun, ou enterese nan li, e nou toule de deside renmen pou n wè si youn ap fè yon bon konjwen pou lòt la. Ki sa w dwe atann pandan youn ap konn lòt pi byen?

Nan atik sa a

 Atann ou pou n gen konvèsasyon ki sensè

 Tank w ap pase plis tan ak moun ou renmen avè l la, se plis youn ap aprann konn lòt. Gen kèk bagay youn ap aprann sou lòt lè nou wè fason youn lòt aji.

 Men, gen kèk bagay nou de a ap bezwen pale sou yo e n dwe onèt youn ak lòt. Lè n ap fè konvèsasyon sa yo, fè tout posib ou pou w pa kite santiman mennen w, men pou w wè moun nan jan l ye a.

 Kèk sijè nou de a dwe pale sou yo:

  •   Lajan. Èske nou gen dèt? Èske l difisil pou nou kontwole sa n ap depanse? Si nou toude marye ansanm, ki desizyon n ap pran anrapò ak kòb k ap antre nan kay la ak depans n ap fè?

  •   Sante. Èske nou an sante? Èske nou te gen gwo pwoblèm sante anvan sa?

  •   Objektif. Ki sa nou vle fè ak lavi nou? Èske objektif ou ale nan menm sans ak objektif moun ou renmen avè l la? Lè nou fin marye, èske n ap toujou gen kè kontan si sikonstans lavi a fè n pa ka atenn objektif sa yo?

  •   Fanmi. Èske nou gen responsablite yon moun oswa plizyè moun nan fanmi nou? Èske nou panse nou ka vin gen yon responsablite konsa pi devan? Èske nou vle gen timoun? Si se wi, konbyen?

 Lè n ap pale sou sijè sa yo, se pou nou onèt youn ak lòt e pou n pa kache anyen. Pa kache lòt anyen oswa pa vire pawòl la oubyen enfòmasyon yon fason pou lòt moun nan aksepte l pi fasil. — Ebre 13:18.

 Fè yon ti reflechi: Ki sa w bezwen konnen sou moun ou renmen avè l la? Ki sa li ta dwe konnen sou ou? Lè nou onèt nan konvèsasyon nou ak lòt la, ki jan sa ap ede nou pi devan si n ta deside marye youn ak lòt?

 Prensip biblik: “Se pou nou di verite lè n’ap pale.” — Efezyen 4:25, Bib la.

 “Fi a ka panse: ‘N ap fiyanse nan sis mwa.’ Men, gason an ka panse se nan ennan y ap fiyanse. Nan ka sa a, fi a ka santi santiman l blese e l ka fin konn sa pou l fè paske li te atann yo t ap fiyanse pi bonè pase sa gason an te panse. Li enpòtan pou toude moun yo konnen sa lòt la panse sou sijè sa a.” — Ariana, ennan maryaj.

 Atann ou nou pap toujou wè bagay yo menm jan

 Pa gen de moun ki egzakteman menm jan. Donk, pa met nan tèt ou ou menm ak moun ou renmen an ap antann nou sou tout bagay oswa n ap toujou wè bagay yo menm jan. Pa egzanp, kilti nou ak fason nou chak te leve ka gen efè sou fason nou wè bagay yo.

 Fè yon ti reflechi: Lè nou pa antann nou sou kèk bagay ki pa twò enpòtan, èske nou toude dispoze pase sou sa nou vle pou ka gen lapè, depi nou pap vyole okenn prensip nan Bib la?

 Prensip biblik: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

 “Menmsi w santi ou menm ak mennaj ou antann nou trè byen, ap toujou gen bagay nou pa dakò sou yo. Byenke li enpòtan pou n antann nou, kalite nou demontre lè nou pa dakò youn ak lòt pi enpòtan toujou.” — Matthew, senkan maryaj.

 Atann ou pou w jwenn strès

 Lè yon moun renmen sa pran anpil nan tan l e sa ka lakòz yon ti strès. Ki sa k ka ede w?

 Fikse limit ki rezonab. Pa kite renmen an pran tèt ou tèlman, sa fè w neglije lòt responsablite w genyen oswa lòt zanmi w. Men sa Alana, ki gen senkan depi l marye, di: “W ap toujou bezwen zanmi w yo apre w fin marye, e yo toujou bezwen w. Pa ba yo vag tou senpleman paske w gen yon mennaj kounye a.”

 Sonje, lè w marye, w ap bezwen gen ekilib nan tout aspè nan lavi w. Sa w panse si w kòmanse chèche ekilib sa a depi lè w renmen?

 Fè yon ti reflechi: Èske w atann pou mennaj ou pase anpil tan avè w e pou l ba w anpil atansyon? Èske w santi li pran anpil tan w oswa li atann pou w ba l anpil atansyon? Ki jan nou toude kapab montre nou rezonab nan sa youn ap atann nan men lòt dekwa pou n pa santi relasyon an retire tout enèji nou?

 Prensip biblik: “Gen yon lè pou tout bagay, yon lè pou chak bagay k ap fèt.” — Eklezyas 3:1.

 “Si se detant sèlman de moun ki renmen pran ansanm, lè yo marye, sa ka vrèman pa fasil pou yo. Li bon pou de moun ki renmen fè aktivite moun fè nan lavi chak jou tankou al achte, fè travay nan kay epi adore Bondye ansanm. Sa ka ede yo aprann travay ansanm sa k ap ede yo nan maryaj yo.” — Daniel, dezan maryaj.

 Sonje, renmen se yon bagay ki dire yon ti tan, sa ki pèmèt ou pran desizyon swa pou w marye ak moun nan oswa pou w kraze renmen an. Nan 3yèm pati seri sa a, n ap pale sou kèk bagay w ap bezwen egzamine lè w ap pran desizyon an.